Accessibility links

Breaking News

Siklis Ameriken Floyd Landis pap Patisipe nan Tour de Frans la


Cyclisme

Ajans anti dopaj franse ranvwaye depozisyon siklis ameriken Floyd Landis te gen pou fè sou akuzasyon kap peze sou do l kòm kwa li ta pran dròg pandan kous bisiklèt Tour de Frans edisyon 2006 la.--Yon konpetisyon Landis te ranpòte. Se avoka siklis ameriken an ki fè demand la pou pèmèt ajans anti dopaj ameriken tande depozisyon Landis sou kesyon an 14 Me-Ajans anti dopaj franse a pran desizyon an apre Landis dakò pou l pa patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans 2007 la.

Minis Spò franse a Jean Francois Lamour di li pral mande pou sanksyon kap adopte kont atlèt yo jwen koupab pou dopaj pase de 2 zan a 4 tran.

Basketball

Boston Celtics kontinye ap monte yon maswife nan NBA a apre defèt 91 a 79 yo subi devan Miami Heat. San Antonio Spurs wouze Washington Wizards 110 a 83. Tony Parker ak Tim Duncan make 20 pwen yo chak.. New Orleans Hornets ranpòte yon viktwa de justès an pwolongasyon devan Denver Nuggets 114 a 112.

Football

Nouvèl ki soti an Itali fè konnen se sèlman 6 stad sou yon total 31 satisfè kondisyon sekurite otorite ekzije pou kontre kare vyolans ki gen nan stad yo. Stad ki ranpli kondisyon pou akeyi match premyè divizyon yo se Wòm, Cagliari, Jè n, Palermen, Syèn ak Turen. Gen 3 lòt stad ki prèske respekte nòm yo se Reggio Calabria, Messine ak Parme.

An plis de yon sistèm de surveyans an dedan ak an deyò stad la otorite mande pou tout stad yo gen yon pòs polis an dedan an. Milan AC ak Inter de Milan 2 pami gran klub chanpyona Italyen an gen kè sote pou match koup dEròp yo pa dewoule ak tout pòt fèmen. A mwens ke yo deside jwe match yo nan yon lòt stad an Itali ou byen nan yon lòt peyi Eropeyen.

Gen 11 stad kap akeyi rankont ak pòt fèmen, pami yo Stad San Siro pandan weekend nan. Footballè Brezilyen Ronaldo ap fè debu l nan fòmasyon Milan AC a.

Yon etud ki fèt sou klub football ki pi rich sou tè a revele Real Madrid kanpe nan tèt ploton an pou yon 2 zièm ane afile. Real Madrid gen yon chif dafè 292 milyon 200 mil Ero devan FC Barselòn, Juventus de Turen ak Manchester United. 20 premye klub nan klasman an ap evolye sou kontinan Eropeyen an.

Etazuni ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Meksik nan Phoenis Arizona nan kad yon match amikal ki jwe ant 2 seleksyon yo. Sa fè Meksiken yo 8 tièm defèt yo subi devan Etazuni depi 2000. Plis pase 60 mil fanatik te asiste rankont la.

Espay suprann Angletè ak yon viktwa 1 a 0 pandan ke la Frans tonbe devan Arjantin 1 a 0 nan vil Pari nan kad yon match amikal seleksyon Eropeyen yo jwe pou match kalifikatif Euro 2008 la. Nan lòt rankont la Holand dans sou la Rusi 4 a 1. Kwasi kale Norvèj 2 a 0 Bèlji tonbe devan Republik Tchèk 2 a 0. Almay pilon-nen la Swis 3 a 1. Togo fè match nul 2 a 2 ak Kameroun. Senegal kale Benin 2 a 1 nan yon rankont ki jwe an Frans.

Tennis

Bèlj Justin Henin remonte yon defisi pou l kale franse Emilie Loit 3-6, 6-2, 6-2 nan tounwa tenis Open Pari a. Henin pral rankontre nan kar de final la swa Rus Ekaterina Bychkova ou byen Tatiana Golovin

XS
SM
MD
LG