Football
Brezil pran men sòl li nan men Portugal yè swa ak yon defèt 2 a 0 gras ak Simao Sabrosa ak Ricardo Carvalho-yon viktwa ki enpòtan pou antrenè Pòtugè Luis Felipe Scolari. Nan lòt rankont Gana tronse Nijerya 4 a 1. Yon defèt pwochen antrenè Nijerya a Alman Berti Vogts asiste. Vogts anonse lap antrene ekip la juskan 2010 donk apre koup du mond Afrik du Sud la. Danmak toupizi Ostrali 3 a 1 epi Kore du Sud ranpòte yon viktwa tou mens devan la Grès 1 a 0. Nan lòt rankont Chipr kale Ongri 2 a 1. Bulgari make 2 gòl pou l kale Letoni 2 a 0. An Frans Mali tronpe Lituani 3 a 1 epi nan Belfast Irland fè match nul 0 a 0 ak peyi dè Gal.
Jodi a an Frans Arjantin kont la Frans epi Etazuni ap rankontre ak Meksik nan Phoenix Arizona. CN-43 NBA Boston Celtics kontinye ap pase yon move moman nan
Basketball
Yè swa Celtics subi 15 zièm defèt afile yo fwa sa a devan Detroit Pistons 109 a 102. New York Knicks danse sou Los Anjeles Clippers 102 a 90. Houston Rockets te fè anpil avan li kale Memphis Grizzlies 98 a 90. Milwaukee pilon-nen Orlando Majik 116 a 111 epi Phoenix Suns te bezwen pwolongasyon avan li kale Portland Trail Blazers 109 a 102.
Yon pwoblèm nan zèpòl dwa fòse basketè Kanadyen Steve Nash rete an deyò teren an pou yon dure endetèmine.
Atletisme
Atlèt alman Thomas Dold ak Ostralyèn Suzy Waslsham ranpöte 30 tièm edisyon kous andedan Empire State Building nan New York kote patisipan yo te gen pou grenpe mil 576 march eskalye. 200 atlèt ki soti dan le mond patisipe nan konpetisyon an