Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Deside Voye 350 Nouvo Sòlda ann Ayiti


Nasyonzini anonse l'ap voye 350 nouvo sòlda ann Ayiti nan kad yon misyon pou bay sekirite nan kapital la kote gang ame yo rekòmanse ap komèt move zak. Avan-yè madi a, L’ONU te pibliye yon deklarasyon ki fè konnen yon premye gwoup sòlda nepalè dwe debake semèn sa a nan Pòtoprens e deplwaman konplè a ap fèt disi kòmansman mwa mas la.

Kòmandan twoup L’ONU yo ann Ayiti, Majò-Jeneral Carlos Alberto Dos Santos Cruz, deklare ogmantasyon efektif MINUSTAH pral mete plis presyon sou gang ame yo nan zòn Site Solèy. Nouvo kontenjan an pral ajoute sou anviwon 7-mil gadyen lapè ki deja nan nasyon karayibeyèn nan.

XS
SM
MD
LG