Football
Prezidan FIFA a Sepp Blatter endose publikman kandidatu Michel Platini pou pòss̀ prezidan Unyon Football Eropeyen an devan Swedwa Lennart Johansson. Msye Blatter ensiste neutralite l nan eleksyon pa kache esprime admirasyonn pou ansyen footbalè franse a kap travay nan FIFA depi 1998.
52 reprezantan federasyon football Eropeyen an, ki reyuni nan Dusseldorf an Almay kote yap patisipe nan 31 nièm kongrè òganizasyon football Eropeyen an pral deside sou pwochen prezidan an an plis de lòt kesyon. Twal de fon kongrè a se eleksyon yon prezidan ki mete fas a fas ansyen vedèt football franse Michel Platini, 51 lane ak prezidan sòtan an Swedwa Lennart Johansson ki gen 77 tan--2 jenerasyon diferan. Lennart Johansson mize sou revnu li ede Unyon football antre pandan lap dirije òganizasyon an aloske Planini vle redui kantite reprezantan swa dizan gwo lig football Eropeyen yo genyen nan diferan chanpyona Eropeyen nan sa analis yo rele yon redistribusyon.
Eleksyon an fikse pou demen Vandredi 26 Janvye a.Dapre règleman yo venkè eleksyon an dwe resevwa yon majorite absolu donk 50 pou 100 vwa + 1 pou pipiti. Si pa gen oken venkè pandan 3 tou responsab yo ap fè yon tiraj osò pou detèmine venkè a.
Finalman Real Madrid ak Milan AC sanble yo ta jwen yon antant sou transfè footballè brezilyen Ronaldo pou plis pase 6 milyon dola dapre nouvèl ki publiye nan la près 2 peyi yo. Dapre nouvèl yo Ronaldo kapab siyen yon kontra pou rès sezon an ak yon lòt sezon pou l jwe nan Milan AC. Ronaldo te jwe nan Inter de Milan avan li te vinn jwe nan Real Madrid an 2002.
Footballè Ivwaryen Didier Drogba, kap jwe nan klub Angle Chelsea, nonmen kòm anbasadè anti povrete pwogram nasyonzuni pou Devlopman. Didier Drogba se 3 zièm football kap jwe yon wòl konsa apre franse Zinedine Zidanne ak brezilyen Ronaldo.
Klub football angle Tottenham Hotpurs kalifye otomatikman pou 16 zièm de final koup Unyon Football Eropeyen an apre òganizasyon football Eropeyen an entèdi klub Olandè Feyenoord. Tottenham ap rankontre ak venkè seri rankont ant klub Italyen Parme ak klub Pòtugè Braga ki fikse pou 15 Fevriye. Feyenoord diskalifye apre vyolans ki te genyen pandan rankont yo te jwe kont klub football frane Nancy an Novanm 2006. An plis de diskalifikasyon an klub la gen pou l peye yon amand 80 mil dola. Klub kapab ale an apèl devan Tribunal Spòtif la nan vil Lauzann an Swis pou l konbat desizyon an.
Fanatik football ayisyen yo ansanm ak kèk otorite te kanpe sou 2 ran pou akeyi seleksyon nasyonal ayisyen an ki sot nan Trinidad kote li ranpòte koup Karayib la.
Cyclisme/ Dopaj
Vis chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans la espayoèl Oscar Pereiro blanchi akuzasyon dopaj ki tap peze sou do l apre li founi ase prèv ki justifye rezon doktè te otorize l konsmome dròg salbutamol pou l trete yon bronch. Pereiro kapab tounen nouvo chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans la si aktuèl chanpyon an ameriken Floyd Landis pèdu demand an apèl li fè kont akuzasyon li ta pran steroyid pandan konpetisyon an --yon konpetisyon li te ranpòte nan 2 dènye jou konpetisyon an. Landis gen pou l ale devan tribunal dapèl 8 Fevriye
Tennis
Swis Roger Federer kalifye pou final Open Ostrali a apre li pase ameriken Andy Roddick 3 kout rakèt jodi a 6-4, 6-0, 6-2. Federer ap tann venkè rankont demen an ant alman Tommy Haas ak chilyen Fernando Gonzales. Sa fè Federer 7 fwa afile lap patisipe nan yon final tenis Gran Shelem. Bò kote meda m yo Ameriken Serena Williams ap rankontre an final ak Rus Maria Sharapova.
Basketball
Phoenix Suns ranpòte 15 zièm viktwa l nan NBA a apre li kale New York Knicks 112 a 107. Indiana Pacers ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 96 a 94 apre Miami tap men-nen ak 20 pwen davans. Philadelphia 76ers te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Cleveland Cavaliers 118 a 115. Atlanta Hawks danse sou Boston Celtics 82 a 76. Toronto Raptors suprann New Orleans Hornets 90 a 88. Charlotte Bobcats tonbe devan Detroit Pistons 103 a 92. Memphis Grizzlies ranpòte yon viktwa de justès an pwolongasyon devan Utah Jazz 132 a 130. Houston Rockets te fè anpil efò avan li kale San Antonio Spurs 90 a 85. Sakramento Kings pat gen pwoblèm pou l kale Milwaukee Bucks 114 a 106. Minnesota Timberwolves tonbe an pwolongasyon devan Portland Trail Blazers 101 a 98. Golden State Warriors ranpòte yon viktwa de justès devan New Jersey Nets 110 a 109.