Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayiti a Pral Kontinye Pibliye Rezilta Eleksyon 3 Desanm yo


Sekretè-Jeneral Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a deklare KEP a fin fè travay li nan kad eleksyon rès lekislativ yo, 3 desanm pase a. Rosemond Pradel fè konnen KEP a pral kontinye pibliye rezilta eleksyon lokal yo. Rotchild François, Jr. gen detay.

Jn-Pierre Leroy di nou otorite ayisyen yo kontinye ap travay sou dosye koripsyon ki ta fèt pandan rejim tranzisyon an. Nan tout deklarasyon ansyen Premye-Minis Gérard Latortue ak lòt responsab nan ekip gouvènmantal 2004-2006 la, yo toujou rejte akizasyon koripsyon an.

Leroy di nou tou dosye konfwontasyon Palman an ak Polis la, konsènan agresyon Enspektè Jean St-Fleur ta fè sou Depite Michelet Casimir, toujou nan aktyalite a.

Si ou vle koute repòtaj sa yo ak lòt ankò, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG