Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Panama Kalifye, Ayiti Elimine


Football

Nan Trinidad and Tobago demen Madi a Ayiti ap rankontre an final ak seleksyon Trinidad and Tobago nan final koup Digicel la. Kuba ap rankontre ak Gwadeloup nan match 23 zièm plas la--4 seleksyon sa yo ap reprezante rejyon Karayib la nan Koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni nan mitan ane a.

Nan Panama--Etazuni ak Panama ap reprezante zòn KONKAKAF la nan koup du mond Juniò ki gen pou dewoule nan Kanada. Ameriken woule Panama yè swa 5 a 0 pou fini an premyè pozisyon nan group A a ak 7 pwen. Panama ki te deja fè match 1 a 1 ak Gwatemala epi kale Ayiti 3 a 2 kalifye ak 4 pwen malgre defèt yo subi fas a Etazuni. Ayiti, ki kale Gwatemala 2 a 0 yè swa fini an 3 zièm pozisyon nan group la ak 3 pwen. Etazuni ap fè 6 zièm vwayaj afile l nan yon koup du mond Juniò ak yon total 11 patisipasyon pandan ke Panama ap patisipe pou yon 3 zièm fwa afile.

Indianapolis Colt ap rankontre ak Chikago Bears nan 41 nièm edisyon final Superbowl la kap dewoule nan Miami 4 Fevriye. Indianpolis remonte yon defisit 21 a 3 pou l bat archi rival New England Patriots 38 a 34. Chikago Bears elimine New Orleans Saints 39 a 14. Premye fwa 2 antrenè nwa ameriken ap patisipe nan yon final Superbowl.

Basketball

Dallas Mavericks suprann Miami Heat ak yon viktwa 99 a 93. Mavericks yo gen yon palmarès 34 viktwa 8 defèt. Phoenix Suns ranpòte 13 zièm viktwa afile l apre li tronse Minnesota Timberwolves 131 a 102. San Antonio Spurs pat rankontre twòp difikilte pou l kale Philadelphia 76ers 99a 85 epi Portland Trail Blazers te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 99 a 95.

Tennis

Vedèt tenis alman Tommy Haas supran arjanten David Nalbadian 4-6, 6-3, 6-2, 6-3 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Ostrali a kap dewoule nan Melbourne. Fernando Gonzales suprann ameriken James Blake 7-5, 6-4, 7-6 pou l pase nan kar de final la. Bò kote meda m yo Swis Martina Hingis kalifye pou kar de final apre li supran chinwa Li Na 4-6, 6-3, 6-0 pou l al rankontre ak Bèlj Kim Clijsters ki te fè 2 bouche ak Slovak Daniela Hantuchova 6-1, 7-5.

XS
SM
MD
LG