Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Panama Jodi a Nan Faz Final Eliminatwa Mondyal Junior Pou Zòn CONCACAF la


UEFA / FEYENOOR

Nap kòmanse ak desizyon Komisyon dapèl UEFA pou mete deyò Feynor Rotterdam nan Koup UEFA a, akoz kònpòtman belijeran fanatik olandè ki te fè dezagreman nan vil Nancy le 30 novanm e match la te oblije kanpe pandan anviwon 30 minit. Fanatik Feyenoor yo te pwovoke ensidan vyolan tou anvan match la nan Nancy an Frans .Nancy te ranpòte rankont la 3 0. Feyenoor gen entansyon pote kesyon an devan Tribinal Abitral Spò a nan Lauzanne pou kase desizyon UEFA a.

TENNIS - OPEN OSTRALYEN

Nan Open Ostrali a jodi a, Ameriken Anddy Roddick soti venkè nan yon duel kont Rus Marat Safin ke l' kale nan 4 manch: 7-6 2-6 6-4 7-6. Sèb Novak Djokovic kalifye pou 8e de final konpetisyon an apre viktwa nan 4 sèt li ranpòte devan Tayilandè Danai Udomchoke 6-3, 6-4, 5-7, 6-1. Amerikèn Serena Williams remonte yon defisi pou l' kale Rus Nadia Petrova 2 sèt a 1: 1-6, 7-5, 6-3. Trè natirelman, numewo 1 mondyal kay mesye yo, suis Roger Federer kalifye nan 3 sèt sou Rus Mikhail Youzny: 6-3, 6-3, 7-6. Kalifikasyon tou pou amelie Mauresmo ki kale trankilman tchèk Eva Birnerova nan 2 sèt: 6-3, 6-1. Epi nan yon duèl “fraticide” ant 2 frè fransè Richard Gasket elimine ti Gael Monfils pou l' al' rankontre nan 8e de final ak Espayòl Tommy Robredo.

CONCACAF U-20

Jodi a nan Panama, Etazini ap rankontre ak Guatemala pandan ke Ayiti pral mate balon fas ak seleksyon lokal la nan kad faz final eliminatwa koup di mond Junior pou zòn CONCACAF la. Nan klasman Jeneral la Etazini gen 3 pwen apre swif 4-1 li te pase Ayiti a. Guatemala ak Panama gen 1 pwen yo chak epi Ayiti gen 0 pwen.

FOOTBALL EWOPEYEN

Coupe d’italie: Milan AC kalifye pou demi-final malgre defèt li devan Arezzo nan quart de finale retou a . Milanè yo te genyen match ale a 2-0 Real Madrid elimine yè jedi a nan Copa del Rey a (Koup Wa a) apre yon match nil 1-1 li fè ak Betis Seviy nan Santiago Bernabeu. Match ale a te fini 0-0. Betis kalifye pou quart de finale akoz gòl aleksteryè.

Epi dènye epizòd sou feyton Ronaldo-Real Madrid- Milan AC a, sè ke kontra entènasyonal brezilyen an preske yon reyalite. Selèb numewo 9 la ki bouke ak Real-- men ki an disgras tou --- preske jwenn yon kontra ak Milan AC, e dirijan madrilèn yo ta dispoze kite ale atakant brezilyen an ki t'ap touche 6 milyon euro chak ane. Nan Milan AC Ronaldo ap konsève dwa sou imaj--yon dwa ki rapòte li 5 milyon dola chak ane. Real li-menm reklame plis pase 20 milyon.

Epi polemik la kontinye ant Michel Planiti ak Lennart Johansson ki se 2 rival pou prezidans UEFA a. Youn ap voye toya sou lòt. Rezilta a se pou 26 janvye pwochen lè 52 federasyon ewopeyèn pral chwazi. Rande-vou a nan Dusseldorf, nan peyi Almay.

XS
SM
MD
LG