Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 300 Arestasyon Nan Pòtoprens Nan Mwa Janvye a


Responsab Lapolis nan kapital Ayiti a deklare yo pral kontinye ranfòse kanpay y'ap mennen kont ensekirite a e yo va chanje strateji lè sa nesesè pou met' lapè sou bandi yo.

Nan yon rapò Pòt-pawòl PNH la, Frantz Lerebours, fè bay laprès lokal, li fè konnen yo poze arestasyon 300 moun nan peryòd soti premye pou rive 18 janvye 2007 la, nan zòn Pòtoprens la kensèl. Msye Lerebours presize yo sezi zam, bal, ak lòt materyèl ilegal nan men prevni yo, ki sanble ta mele nan zak kidnapping, vòl ak lòt enfraksyon. Pami yo gen yon pwòch asosye Beloni, youn nan chèf gang Site Solèy yo.

Dapre jounalis ki sou plas, gen yon ti kalmi nan fenomèn ensekirite a, sitou nan zak kidnapping yo, depi PNH ak MINUSTAH, kidonk fòs lapè L'ONU an, te tanmen yon seri operasyon sere-boulon kont bandi yo, sa gen kèk semèn.

Yon lòt dosye ki konsène lapolis, se chire-pit ki mete fas pou fas Direktè Santral Polis Administrativ la, Jean St-Fleur, ak Depite Michelet Casimir. Senatè Youri Latortue, ki alatèt Komisyon Jistis ak Sekirite nan Gran-Kò a, lanse yon apèl pou li mande pwotagonis yo kite enstitisyon yo rezoud pwoblèm nan. An de mo twa pawòl, Senatè a ta renmen se lajistis ki tranche, sitou ke Pakè deja voye manda bay Msye St-Fleur. Bò kote pa l, avoka akize a, Mèt Osner Févry, kritike yon rezolisyon Chanm Bas la vote mèkredi, sa ki, dapre li, wetire dosye a nan men lajistis pou mete l' sou yon teren politik.

Nan rezolisyon sa a, Chanm Depite a te lanse yon ultimatum pou mande revokasyon St-Fleur, sinon l'ap konvoke Minis Jistis la e egzèse dwa Manman-Lwa peyi a ba li. Sous litij la se yon ensidan kote Palmantè a sanble ta vyole yon regleman sikilasyon, epi Enspektè-Jeneral St-Fleur ta agrese li fizikman ansanm ak moun ki te akonpaye l, malgre Depite Casimir ta montre idantifikasyon n' kòm Reprezantan Pèp la.

Si ou ta renmen koute tout pwogram nou te pase vandredi maten 19 janvye a, fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG