Football
FIFA gen pou l deside nan fen mwa a pou konnen si wi ou non federasyon football Kenya a ap retounen manb òganizasyon football entènasyonal. Yon delegasyon Kenya te rankontre ak responsab FIFA yo nan kòmansman semen an an Swis pou wè si peyi a ta retounen sou sèn football entènasyonal la apre FIFA te radye yo pou enjerans gouvènman an. FIFA mande klub yo pou rekonèt otorite football peyi a ke li menm li rekonèt disi 21 Janvye.
D.C. United siyen yon kontra ak atakan brezilyen Luciano Emilio.
Ayiti ap rankontre ak Etazuni jodi a nan Panama nan kad match kalifikatif faz final pou zòn KONKAKAF la nan group A chanpyona du mond Juniò a. Panama kont Gwatemala nan lòt rankont la-2 premye yo ap kalifye pou faz final la ki gen pou dewoule nan Kanada soti nan 30 Jwen pou rive 12 Juyè. Nan group B a nou jwen Sen Kitts and Navis, Costa Rika, Jamayik ak Meksik-group sa a ap jwe soti 21 pou rive 25 Fevriye. Anyen poko deside nan group B faz final koup Digicel la apre viktwa 4 a 3 Guyan ranpòte devan Gwadeloup yè swa epi rakle 3 a 0 Kuba pase Sen Vensan e Grenadin. Chak ekip yo gen 3 pwen donk pwochen rankont la ki fikse pou demen ap très enpòtan lè Sen Vensan e Grenadin ap rankontre ak Gwadeloup epi Kuba kont Guyann. Aswè a group A ap jwe dènye rankont li lè Barbad ap jwe kont Martinik epi Ayiti, ki deja kalifye ap rankontre ak Trinidad and Tobago.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer woule jwè tenis Swedwa Jonas Bjhorkman 6-2, 6-3, 6-2 pou l kontinye nan tounwa tenis Open Ostrali a. Sèb Novak Djokovic te bezwen 3 manch pou l elimine espayòl Feliciano Lopez 6-2, 7-5, 6-1. Bò kote meda m yo Rus Svetlana Kuznetsova elimine Monique Adamczak 6-2, 6-1. Rus Nadia Petrova pat rankontre oken difikilte pou l kale Arjanten Gisela Dulko 6-1, 6-2.
Basketball
Alman Dirk Nowitzki make 30 pwen epi trape balon an 10 fwa pou ede Dallas Marvericks woule Houston Rockets 109 a 96. Nan Seattle Ray Allen make 22 pwen epi fè 11 pas ki make pwen nan viktwa Supersonics kont Cleveland Cavaliers 101 a 96. New Orleans Hornets danse sou Orlando Majik an pwolongasyon 84 a 78.
Match ant pibon pami pibon jwè basketbal feminen ap dewoule isit Washington 15 Juyè dapre anons responsab yo fè.