Accessibility links

Breaking News

Misyon Estabilizasyon Ayiti a, Minustah, Gen Yon Nouvo Kòmandan Militè


Nouvo kòmandan twoup Minustah yo, jeneral Carlos Alberto Dos Santos Cruz, deklare li pral kontinye rapousuiv bandi kap komèt zak kidnaping nan peyi a, pi espesyalman nan zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens. Jeneral Dos Santos Cruz di Minustah dwe asire misyon li ki se kreye kondisyon pou retabli estabilite nan peyi

Dayiti. Ranplasan jeneral Elito Carvalho Siqueira a ajoute manda Minustah se kore aksyon gouvènman ayisyen an nan kad lwa peyi a an'n akò ak manda Nasyonzini an. Bò kote pa li, anbasadè Etazuni an nan Pòtoprens, Janet Ann Sanderson, byen akeyi nominasyon nouvo kòmandan brezilyen an nan tèt twoup Minustah yo. Diplomat ameriken an bat bravo tou pou kooperasyon li di ki ekziste ant Minustah ak polis nasyonal ayisyen an. Korespondan nou Rotchild François Jr gen detay sou tèm sa a. Ale sou lyen ki anwo atik la pou n' koute repòtaj li a.

E nan vil Jeremie Luckner Laguerre va di nou responsab lokal yo tire konkluzyon sou tantativ evazyon yon gwoup prevni te fè sa pa gen lontan nan yon prizon metwopòl Grand'Anse lan.

Yon lòt kote, sibstiti komisè gouvènman Pòtoprens lan lanse yon manda dèyè direktè santral polis adminitratif, Jean Saint-Fleur, pou l' prezante nan pakè pou "zak maspinay grav'' kèk polisye ta fè sou depite Casimir Michelet apre yon ensidan sikilasyon (depite a tap sikile, dapre lapolis, nan yon wout sans inik). 3 gad sekirite palmantè a blese nan akwochay la ki fèt vandredi nan Pòtoprens. M'sye Saint-Fleur dwe parèt lendi nan Pakè tribinal sivil kapital la.

XS
SM
MD
LG