Accessibility links

Breaking News

David Beckham ap vinn Jwe nan MLS la


Football

Footballè Angle David Beckham ap kite Real Madrid pou l vinn jwe isit Ozetazuni. Chèn televizyon ameriken ABC anonse Beckham kapab siyen yon kontra ak Lig Football balonwon ameriken an ak posibilite pou l ta vinn jwe nan Los Anjeles Galaksi-tou pre rezidans li posede nan Sud Kalifòni. Nouvèl yo site pawòl direktè spòtif Real Madrid la Predrag Mijatovic ki ta fè Beckham konprann yo pap renouvle kontra l. An repons Beckham deklare apre li finn pale ak fanmi l li pran desizyon pou l vinn nan Lig footbal balonwon ameriken an a pati de Out ane sa a. Beckham, ki posede yon akademi football nan Los Anjeles, kapab siyen yon kontra pou 250 milyon dola apre Lig football ameriken yo te chanje règleman yo pou akomode yon seri de sikonstans.

Nouvèl ki sanble sèten direktè spòtif Real Madrid la Pedrag Mijatovic te chita pale ak Ronaldo pou l te fè l konprann yap transfere l nan yon lòt ekip pwobableman an Arabi Sawoudit.

Responsab yo nan lig football balonwon ameriken ap pare pou l patisipe nan tiraj osò nouvo footbalè ke klub pral seleksyone avan debu pwochen sezon an nan Indianapolis. Toronto Football Club,nouvo venu nan lig la, ap seleksyone premye jwè a. Answit Colonbus Crew, Kansas City Wizards, Real Salt Lake, Los Anjeles Galaxis-ekip sa yo pat kalifye pou faz final la ap seleksyon yon jwè yo chak avan lòt ekip yo seleksyone youn pami jwè ki disponib yo. Seleksyon an ap dewoule an 4 tou.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter kritike prezidan Unyon Football Eropeyen an, Lennart Johansson, li di ki te pran twòp tan avan li te deklare entansyonn dèyè yon lòt manda nan tèt òganizasyon football Eropeyen an. Msye Blatter te pran tan tou avan li te deklare kandidatu l dèyè pòs prezidan FIFA a apre Joao Havelange te anonse lap pran retrèt li. Msye Blatter te finalman ranpòte eleksyon yo pandan kongrè FIFA ki te dewoule nan vil Pari jusavan dewoulman koup du mond Frans 98 la. Ansyen vedèt football franse Michel Platini te deklare entansyonn dèyè pòs prezidan football Eropeyen an 13 jou apre Johansson te di li pral dèyè yon lòt manda olye pou l pran retrèt li. Eleksyon an fikse pou 26 Jwen nan okazyon Kongrè UEFA pral fè nan Dusseldorf an Almay.

Basketball

Washington Wizards pilon-nen Chikago Bulls 113 a 103 nan kad chanpyona nasyonal basketbal ameriken an. New Orleans Hornets te fè anpil efò avan yo kale Atlanta Hawks 96 a 77. New York Knicks kale Philadelphia 76ers 106 a 99 malgre ayisyen Samuel Dalembert make 18 pwen nan rankont la. Houston danse sou Los Anjeles Lakers 102 a 77. Dikembe Mutombo bloke 8 balon pou l klase 2 zièm kòm basketè ki bloke plis balon ak yon total 3,191 blòk swa 2 an plis devan Kareem Abdul-Jabbar. Mutumbo ap tren-nen ak 639 blòk dèyè ameriken dorijin nijeryan Hakeem Olajuwon. Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa de justès devan Minnesota Timberwolves 92 a 91.

Tennis

Australian Open Draw Tiraj osò Open Ostrali a, premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a ap dewoule nan vil Melbourne demen Vandredi a kote Swis Roger Federer ak Rus Maria Sharapova klase kòm tèt de seri numewo 1 e 2 kategori yo. Espayòl Rafael Nadal, kap soufri ak yon blesu klase tèt de seri numewo 2. Anons sa a fèt apre ameriken Venus Williams anonse li pap patisipe nan konpetisyon an akoz blesu. Bèlj Justine Henin Hardenne te deja anonse li pap patisipe nan tounwa a tou pou rezon pèsonèl.

Rus Anna Chakvetadze ap rankontre an final ak konpatriòt li Vasilisa Bardina nan tounwa tenis Hobart Internasyonal la. Chakvetadze kalifye apre pase endyen Sania Mirza 2 kout rakèt 6-4, 6-0 pandan ke Bardina te bezwen 2 manch 6-3, 6-1 pou l kale Otrichyen Sybille Bammer.

Espayòl Tommy Robredo jwe 2 match pou l kalifye nan semi final Open Cup Heineken nan kap dewoule nan Auckland Nouvèl Zeland. Robredo kale Alberto Martin 6-4, 6-2 avan li kale Alman Philipp Kohlschreiber 6-4, 5-7, 6-2. Ameriken Mardy Fish kalifye ak difikilte devan Arjanten Juan Ignacio Chela 7-6, 7-6. Lòt kalifye yo se David Ferrer ak Augustin Calleri.

Ameriken James Blake kalifye pou semi final tounwa tenis Sydney Entènasyonal la gras ak 2 kout rakèt li pase Rus Evgeny Korolev 6-1, 6-4 pou l al rankontre ak Otrichyen Jurgen Melzer ki elimine Tchèk Tomas Berdych 6-2, 6-4. Carlos Moya kale Chipriyòt Marcos Baghdatis 6-1, 3-6, 7-6.

Belj Kim Clijsters ak Sèb Jelena Jankovic kalifye pou final tounwa tenis Sidne Entènasyonal la. Clijsters te bezwen 3 manch pou l elimine Chinwa Li Na 6-1, 1-6, 7-5.. Jelena Jankovic elimine Tchèk Nicole Vaidisova 6-4, 4-6, 6-4. Tounwa sa a antre nan kad preparatif pou tounwa tenis Open Ostrali a kap kòmanse semen pwochèn nan nan vil Melbourne.

XS
SM
MD
LG