Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kalifye pou Faz Final Koup Digicel la


Football

Seleksyon nasyonal Ayiti kalifye pou faz final Koup Digicel la apre yo pase Bermude yon swif 3 a 0 nan match retou a. Ayiti ranpòte seri a ak 2 viktwa pou yon total 5 bu pour e 0 kont. Ayiti ap kòmanse faz final la nan Trinidad ak Tobago kote yap rankontre ak Martinik, Barbad, ak Trinidad and Tobago. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou koup dò KONKAKAF la ki gen pou dewoule isit Ozetazuni nan mitan ane a.

Kar de finak Koup de lig-la ann Angletèr : Arsenal kale Liverpool 6-3 avèk 4 bu siyen Julio Batista , yon brezilyen. Nan demi final Arsenal ap rankontre ak Totenham. Ann Itali , se te kar de final : An deplasman Inter de Milan kale Empoli 2-0 ; Ann Espay se te 8e de final ale Koup du Wa-a :

Nan madrid , Ossasouna fè match nul 1-1 Atletiko Madrid; jodi mèkredi-a Barsa ap jwe kon Alavès ; e demen jedi Real madrid ap resevwa Betis Seviy ak nouvo antrè-a Luis Fernandez. Selon la laprès espayòl , yè madi-a antrenè Real-la Fabio Capello ta mande dirijan-yo pou yo voye Beckham ak Ronaldo ale. E sa ki pi rèd Real ofri Ronaldo bay Milan Ac ...e Milan refuze. E ta sanble Ronaldo gen move enfluans sou jeun brezilyen nban ekip-la....Capello tap fè referans ak Robinyo e Marcelo ki fenk vini. Capello mande depa tou italyen Antonio Cassano ki trè zendisipline

Basketball

Vince Carter make 32 pwen pou ede New Jersey Nets pase sou Toronto Raptors 101 a 86. Detroit Pistons danse sou Philadelphia 76ers 98 a 89. Los Anjeles Lakers tonbe devan Memphis Grizzlies 128 a 118. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa tou mens devan Utah Jazz 108 a 105. Lebron James make 34 pwen pou pèmèt Cleveland Cavaliers pilon-nen Sakramento Kings 108 a 98.

Tennis

Franse Amelie Mauresmo elimine nan kar de final tounwa tenis International Sidney a devan Sèb Jelena Jankovic 7-5, 6-0. Bèlj Kim Klijsters kalifye pou semi final la gras ak yon viktwa fasil li ranpòte devan Izrayelyen Shahar Peer 6-2, 6-1.

Cyclisme

Unyon Siklis Entènasyonal la anonse yè Madi a li pral depoze plent ak Komisyon Eropeyen an kont òganizatè 3 kous bisiklèt--Tour de Frans, Tour dItali ak Tour DEspay la--kap vyole lwa konpetisyon yo. Unyon an di 3 konpetisyon yo delibereman chache detwi devlopman 27 konpetisyon. Nan sant deba a ki group ki gen dwa akòde lisans pou patisipe nan kous bisiklèt pwofesyonèl. Òganizatè kous bisiklèt Tour de Frans, Itali, ak Espay di yo menm sèlman kapab deside siklis ki kalifye pou patisipe nan kous yap òganize. Komisyon Eropeyen an kapab enpoze gwo penalite si yo dekouvri konpayi yo koupab move konpòtman.

XS
SM
MD
LG