Accessibility links

Breaking News

Prezidan FIFA Sepp Blatter Mande Italyen yo Padon


Football

Prezidan FIFA a Sepp Blatter prezante ekskuz li bay bay seleksyon Itali a akoz li pat prezante nan seremoni prezantasyon trofe a 9 Juyè a. Se prezidan Unyon Football Eropeyen an Swedwa Lennart Johansson ki te prezante trofe a bay kapitèn seleksyon Italyen an Fabio Cannavaro. Msye Blatter rekonèt jodi- a nan vil Wòm li te komèt yon erè lè se pat li menm pèsonèlman ki te renmèt koup la. Blatter di li te prezante ekskuz li imedyatman bay ofisyèl Italyen yo imedyatman. Msye Blatter di rezon ki fè li evite renmèt trofe a se akoz fanatik alman yo te bat chalbari dèyè l e ki li tap evite yon anbarasman. Jwè Italyen te akuze responsab la kòm yon anti-Italyen.

Ayiti kapab kalifye pou faz final Koup Digicel la akondisyon yo kale Bermude nan match retou a demen Madi a nan Trinidad and Tobago. Ayiti ranpòte match ale a yè Dimanch la ak yon viktwa 2 a 0 nan tounwa repechaj la ki te dwe gen 3 ekip men Republik Dominikèn pat fè vwayaj la. Venkè seri a pral nan group A a ki gen ladann Trinidad and Tobago, Martinique, Barbad--Venkè a ap jwe premye rankont faz final la fas a Martinik Vandredi 12 Janvye.

Anpil aktivite nan zòn KONKAKAF la pou ane 2007 la soti mwa Janvye pou rive an Jwen. Panama ak Meksik ap akeyi 2 groups pou faz final koup du mond Juniò a soti 17 pou rive 21 Janvye. 17 Janvye Ayiti ap rankontre ak Etazuni epi Panama kont Gwatemala. 19 Janvye Etazuni kont Gwatemala epi Panama kont Ayiti nan group A a. Nan lòt group la gen Meksik, Kosta Rika, Sen Kitts and Navis epi Jamayik.

Kalifikasyon koup dò KONKAKAF la ap dewoule nan Trinidad and Tobago ak El Salvador. Faz final koup Karayib la ap dewoule nan Trinidad and Tobago soti 12 pou rive 23 Janvye epi koup Digicel a pou Amerik Santral la ap dewoule soti 8 pou rive 18 Fevriye.

Gen 8 klub ap patisipe nan faz dechoukaj ale/retou pou koup chanpyon KONKAKAF la soti 20 pou rive 26 Fevriye. Venkè a ap kalifye pou final koup dè klub FIFA kap dewoule o Japon an Desanm 2007. Klub ki klase 2 zièm nan pral patisipe nan Koup Nissan amerik du Sud la nan fen ane a.

Gwatemala ap akeyi pou la premyè fwa chanpyona Panameriken Football an sal pou zòn KONKAKAF la soti 9 pou rive 11 Mas. 2 venkè yo ansanm ak Etazuni ak Kuba pral rejwen 4 ekip CONMEBOL pou patisipe nan je Panameriken football an sal kap dewoule O Brezil.

An Avril round final group A ak B pou zòn KONKAKAF kadè a ap dewoule nan Onduras ak Jamayik. 2 premye nan group a ak 3 lòt nan group B a ap kalifye pou faz final koup du mond Kadè a kap dewoule an Kore du Sud an 2007. Nan group A a ap jwe nan Onduras soti 4 pou rive 8 Avril ap gen ladan El Salvador, Ayiti, Meksik ak Honduras. Group B a ap jwe nan Jamayik soti 21 pou rive 29 Avril. Peyi patisipan yo se Kanada, Kosta Rika, Trinidad and Tobago ak Etazuni.

15 zièm kongrè òdinè KONAKAF la ap dewoule nan Toronto O Kanada soti 10 pou rive 13 Me pou la premyè fwa depi 1992 ak patisipasyon40 peyi manb yo. Etazuni ap akeyi 9 vièm edisyon koup Dò KONKAKAF la ak patisipasyon 12 peyi nan rejyon an soti 6 pou rive 24 Jwen.

Philadelphia Eagles ak New England Patriots kalifye pou pwochen tou faz final football zèpòl kare ameriken an. Philadelphia Eagles rache yon viktwa dènye minit devan New York Giants gras ak yon kou fran 3 pwen li make nan fen rankont la. Eagles yo ap rankontre ak New Orleans Saints nan Nouvèl Orleans. New England Patriots danse sou New York Jets 37 a 16 pou l al rankontre ak San Diego Chargers Dimanch pwochen nan Konferans Ameriken an. Baltimore Ravens ap akeyi Indianapolis Colts pandan ke Seattle Seahawks pral lakay Chikago Bears nan Chikago.

Otomobil

Sud Afriken Giniel De Villiers ak kopilòt alman Dirk Von Zitzewitz ranpòte premye etap Afrik kous Pari/ Dakar la jodi a ant Nador e Er Rchidia o Maròk. Espayòl Carlos Sainz ak franse Michel Perin toujou nan tèt klasman jeneral la devan franse Stephane Peterhansel Nan kategori motosiklèt Espayòl Marc Coma ranpòte premyè espesyal la devan ameriken Chris Blais ak Isidre Esteve Pujol. Nan klasman jeneral la Espayòl Isidre Esteve Pujol klase an premyè pozisyon devan Marc Coma ak franse David Casteu.

Basketball

Los Anjeles Lakers suprann Dallas Marvericks ak yon viktwa 101 a 98-premye defèt Dallas subi pandan 14 rankont malgre yo tap men-nen ak 14 pwen devan Lakers yo.. Houston pèdu an pwolongasyon devan Minnesota Tiberwolves 103 a 99. Washington Wizards tonbe devan Toronto Raptors 116 a 111. San Antonio, Orlando Majik, Phoenix Suns rete lòt ekip ki ranpòte la viktwa.

Tenis

Vedèt tenis Bèlj Kim Clijsters di li pa gen anyen kap fè l retounen sou desizyon pou l pran retrèt li nan fen sezon 2007 la.

Findlandè Jarkko Nieminen elimine nan premye tou tounwa tenis Auckland la devan Bèlj Olivier Rochus 7-6, 6-1. Espayòl Tommy Robredo pat gen difikilte pou l elimine espayòl Ruben Ramirez Hidalgo 6-2, 6-1. Espayòl David Ferrer ak arjanten Gaston Gaudio kalifye tou. Nan yon lòt tounwa tenis Olandè Michaella Krajicek subi yon defèt devan franse Severine Bremond 3-6, 6-1, 6-0.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen an Swis Martina Hingis elimine nan tounwa tenis entènasyonal la devan Sèb Jelena Jankovic 6-4, 4-6, 6-3.

Olympic Peken 2008

Yon responsab komite preparasyon je zolempik Peken 2008 yo di yo pran tout mezu nesesè pou evite korupsyon nan tout nivo avan e pandan dewoulman je yo. Atletisme

Kourè long distans brezilyen Adriano Bastos ranpòte pou yon 3 zièm ane afile maraton Disney World ki tap dewoule nan Lake Buena Vista an Florid. Kosta Riken Gabriela Trana ranpòte kategori meda m yo. Anviwon 11 mil 500 kourè te patisipe nan maraton an. Ameriken Christa Benton fini 2 zièm devan Brezilyen Elizabete Cruz.

XS
SM
MD
LG