Accessibility links

Breaking News

Etazini Chante Fineray Nasyonal Gerald Ford


Aktyèl e ansyen lidè politik ameriken trouve yo pami plizyè milye mounn ki patisipe nan fineray nasyonal prezidan Gerald Ford ki te mouri semèn pase nan eta Kalifòni a laj 93 zan.

Prezidan ameriken George W. Bush ap li orezon finèb nan fineray ansyen prezidan Gerald R. Ford nan Washington, 02 Jan 2007 la.

Pami pèsonalite ki te li orezon finèb nan fineray ansyen prezidan Ford la nan katedral nasyonal la nan Washington, D.C., genyen aktyèl prezidan Etazini an George W. Bush.

Prezidan Bush di “nou isi a jodi a pou’n di yon gran gason orevoir. Gerald Ford te pran nesans nan kè Etazini an. Li fè-pati yon jenerasyon ki jije moun selon onètete yo e selon kouraj yo.”

Prezidan Bush te rankontre ak manm fanmi Ford la an prive avan fineray la. Nan orezon finèb la, prezidan Bush chante lwanj Msye Ford kòm yon nèg ki te ede panse blesur pèp ameriken an.

Msye Bush di “le mond te wè a travè prezidan Ford meyè imaj Lèzetazini genyen, e Etazini te jwenn a travè Msye Ford yon nèg ki te gen yon karaktè ak lidèrship ki te pote kalm ak guerizon, nan moman nasyon nou an t’ap travèse younn nan pi move peryòd divizyon nan istwa li.”

3 ansyen prezidan ameriken, Jimmy Carter, George H.W. Bush ak Bill Clinton, te rann yon dènye omaj bay defen an.

Kadav Msye Ford kite Washington madi 2 janvye a nan direksyon vil natal li Grand Rapids nan eta Michigan, kote yo pral antere li mèkredi 3 janvye 2007 la.

Depi samdi jiska matine 2 janvye 2007 la, yo te ekspoze kadav defen an nan bilding kongrè a nan Washington. Kolaboratè nou Jacquelin Belizaire te sou plas; li gen opinyon kèk nan mounn ki t’al rann yon dènye omaj bay prezidan Gerald Ford yo.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou fineray prezidan Gerald Ford la.

XS
SM
MD
LG