Accessibility links

Breaking News

Steve Nash Pibon Atlèt Kanadyen pou Ane a


Basketball

Jounalis Spòtif Kanadyen deziye basketè Kanadyen Steve Nash kòm pibon pami bon spòtif maskulen pou ane a.

Dallas Mavericks woule Charlotte Bobcats 97 a 84 pou l pran devan San Antonio Spurs nan kantite viktwa swa 21 viktwa 7 defèt. Allen Iverson make 28 pwen e 13 pas ki make pwen nan viktwa 116 a 105 Denver ranpòte devan Boston Celtics. Gilbert Arena makle 31 pwen pou ede Washington Wizards tronse Memphis Grizzlies 116 a 101 yè swa isit washington. Detroit Pistons ranpòte yon viktwa de justès devan New Jersey Nets 92 a 91. Indiana Pacers, Milwaukee Bucks, Minnessota Timberwolves, Phoenix Suns, Utaj Jazz tout ranpòte la viktwa.

Responsab yo nan NBA a fikse rankont ki te dwe jwe ant Denver Nuggets ak Phoenix pou 5 Fevriye. La nèj ki tap tonbe te fòse responsab yo anule rankont la.

Football

Federasyon Football ameriken an nonmen defansè Oguchi Onyewu kòm footballè maskulen epi Kristine Lilly kòm footbalèz pou ane a. Onyewu ap jwe nan Standard de Lyèj an Bèljik.

Medya espayòl yo rekòmanse fè zen sou depar posib David Beckham ap kite Real Madrid 6 mwa avan kontra l fini. Zen sa yo ap bouyi nan moman David Beckham poko reponn pwopozisyon Reyal Madrid fè l pou l pwolonje kontra a pou 2 zan.

La près nan Pòtugal rapòte mitan teren seleksyon nasyonal la Luis Figo kapab kite Inter de Milan pou l jwe nan yon klub Sawoudyen.

Federasyon football franse a envite Michel Platini ak Lennart Johansson nan inogurasyon nouvo lokal federasyon an 11 Janvye. Michel Platini ak Lennart Johansson nan konpetisyon youn ak lòt pou pòs prezidan Unyon Football Eropeyen an ki fikse pou 26 Janvye nan Dusseldorf an Almay kote 52 reprezantan Unyon an pral reyuni pou vote pwochen prezidan Unyon Football Eropeyen an.

Michel Platini publiye yon angajman 5 pwen li ta renmen reyalize si peyi manb yo vote kòm pwochen prezidan Unyon Football Eropeyen an. Pami pwen sa yo: Konfòte lejimite elu yo nan UEFA a, ogmante solidarite epi echanj ant federasyon yo.

Yon lòt objektif Platini di lap pouswiv se redui kantite klub ki gen nan yon seri de chanpyona Eropeyen e pou fasilite entegrasyon klub lòt chanpyona nan Lig dè Chanpyon an. Entasyon yon seri de klub tankou Barselòn, Milan AC, Chelsea,Bayern ak Lyon, manb G-14 yo, deja ekate.

Antrenè seleksyon Portugal la Brezilyen Luis Felipe Scolari sanble pa ta gen pwoblèm pou l enklu nan seleksyon an defansè brezilyen Kepler Laveran Lima di Pepe apre li finn naturalize. Pepe, ki gen 23 zan, ap jwe nan FC Porto depi 2005.

XS
SM
MD
LG