Accessibility links

Breaking News

Yon Kriz Kadyak Touye James Brown-Parenn Soul Music la nan Yon Lopital Atlanta, Nan Eta Georgie


James Brown, chantè nwa ameriken ki envante stil muzik Rap, Funk ak Disco a, mouri douvan lendi 25 desanm nan. Li te gen 73 zan. Brown te antre dimanch nan Emory Crawford Long Hospital, nan Eta Georgie, kote li rann dènye souf li lendi a 1:45 dimaten, dapre deklarasyon Frank Copsidas ki responsab bizniss atis la ak konpayi Intrigue Music. Akote Elvis Presley, Bob Dylan ak yon ponyen lòt mizisyen, James Brown te youn pami atis ki kite mak yo sou muzik la pandan 50 dènye ane yo Ozetazuni. Gen omwens yon jenerasyon atis ki konsidere m'sye kòm idòl yo, e kèk kopye kareman stil li. Depi sou jan li danse e deplase sou podyòm nan (egz:Mick Jagger ak Michael Jackson) pou rive sou melodi e sou fason yo chante muzik yo.

Chantè tankou David Bowie avèk Fame, Prince nan Kiss; George Clinton: Atomic Dog ak Sly and Family Stone: Sing a Simple Song , klèman sibi enfluyans ritmik James Brown. Si fanatik Ray Charles ak Sam Cook pa dakò lè Brown di se li ki vini ak Soul Music, pèsonn pa kapab refize'l patènite stil Rap, Disco ak Funk lan. Pou kadans ritmik ak sa yo rele Dance-music la, msye reprezante sa Bob Dylan ye nan konpoze pawòl muzik: yon kreyatè popilè san parèy ki toujou vini ak yon bagay nouvo. Yon jou, mizisyen Rap Chuck D (Public Enemy) te di Ajans Nouvèl Associated Press James Brown toujou vini ak pi bon "grooves yo" Jouk jodi a, pa gen moun ki ka jwe muzik Funk tankou Brown. Pa gen pèsonn ki prèt pou l' Funky menm jan ak m'sye''. Pami gwo suksè muzikal James Brown yo nou ka site Out Of Sight; Sex Machine, I Feel Good, "Say it Loud:I'm Black and I am Proud--yon chante istorik ane 1968, ane kote nwa ameriken yo tap afime fyète ras yo.

An 1986, James Brown te antre nan Galri Selebrite Rock And Roll la akote lòt gran non ak gran atis parèy li yo e, an 1992, Akademi Muzik la te remèt li yon pri pou salye tout gwo bagay li reyalize nan karyè atis li.

XS
SM
MD
LG