Accessibility links

Breaking News

FIFA ap tann Desizyon yon Tribunal sou Dosye Master Card la


Football

FIFA fè dwe tann desizyon tribunal kou dapèl la pou konnen si wi ou non lap aksepte Credit Card Master Card patwone 2 pwochen koup du mond football. FIFA te ale an apèl apre yon tribunal nan New York te deside Master Card dwe patwone koup du mond FIFA 2010 ak 2014 malgre yon antant FIFA deja siyen ak Visa Card pou l patwone koup du mond yo a pati de 1 Janvye. Master Card bò kote pa l te ale nan tribunal apre li di kontra l te pwolonje apre ekskluzivite li te genyen pou koup du mond 2006 la.

New England Patriot ranpòte Divizyon Football Nasyonal la apre viktwa 24 a 21 yo ranpòte devan Jacksonvil Jaguar--viktwa ki pèmét New England gen yon palmarès 11 viktwa-4 defèt malgre manke youn match pou sezon regulye a fini. Seattle Seahawks ranpòte divizyon an apre defèt San Francisco 49ers. Arizona Cardinals elimine San Francisko ak yon viktwa 26 a 20. Seattle pèdu devan San Diego Chargers 20 a 17. Apre 15 zièm jounen chanpyona gen 4 lòt plas ki disponib. Denver Bronco toujou nan kous la apre viktwa supriz yo ranpòte devan Cincinnati Bengals 24 a 23. Washington Redskin pa bay fanatik yo kado nwèl yo te bezwen apre yo pèdu an pwolongasyon devan Sen Louis Rams 37 a 31. Buffalo Bills tonbe devan Tennessee Titans 30 a 29 pou mete yo ak 8 viktwa 7 defèt. Indianapolis Colt kalifye menm lè yo pèdu devan Houston Teksan 27 a 24. New Orleans Saint ralanti New York Giants sou kous li apre swif 30 a 7 yo pase l.

Aswè a Pheladelphia Eagles pral lakay Dallas Cowboys nan Dallas kote yon plas nan faz final la ap an je epi Miami Dolphins ap akeyi New York Jets--yon plas nan faz final la ap an je tou.

Basketball

Vedèt basketball chinwa Yao Ming kapab rate 6 semen pou Houston Rockets apre li frakture yon zo nan pye dwat li Samdi nan defèt Houston Rockets subi devan Los Anjeles Clippers.

Atletisme

Federasyon Atletis Rus la suspann pou 2 zan atlèt Lyubov Ivanova apre li teste pozitif pou steroyid malgre manzèl te fini 4 trièm nan chanpyona du mond Atletis ki sot dewoule nan Stuggart an Almay an Septanb ane sa a.

XS
SM
MD
LG