Accessibility links

Breaking News

NBA Sanksyone Jwè ki te Patisipe nan Boukantay Kout pwen nan New York


Basketball

Responsab yo nan NBA pran sanksyon kont basketè ki te patisipe nan yon boukantay kout pwen Samdi nan Madison Square Garden nan New York. Responsab NBA a David Stern frape New York Knicks ak Denver Nuggets yon amand 500 mil dola yo chak pou responsabilite kolektif nan ensidan an. Carmelo Anthony resevwa yon suspansyon 15 match.

Nate Robinson kap jwe nan New York Knicks ansanm ak JR Smith kap jwe nan Denver Nuggets resevwa yon suspansyon 10 match yo chak. Mardy Collins ak Jared Jeffries kap jwe nan New York resevwa yon suspansyon 6 match. An plis de suspansyon an Jerome James kap jwe nan New York Knicks resevwa yon suspansyon 1 mantch epi Brezilyen Nene kap jwe nan Denver Nugget resevwa yon suspansyon 1 match akoz yo abandone ban-d-touch la pou al patisipe nan batay la.

New York Knicks ranpòte yon viktwa de justès devan Utah Jazz 97 a 96 malgre New Yorkè yo gen kèk jwè kap purje yon suspansyon pou patisipasyon nan yon deblozaj Samdi nan Madison Square Garden. Denver Nuggets lòt ekip ki te mele nan deblozaj la, kale Washington Wizards 117 a 108 malgre absans Carmelo Anthony ak JR Smith pou patisipasyon nan batay kont jwè New York Knicks yo.

Nan lòt rankont ki jwe yè swa Memphis Grizzlies te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Seattle Supersonics 134 a 126. Miami Heat te remonte yon defisi pou l kale New Orleants Hornets 101 a 99. New Jersey Nets pilon-nen Golden State Warriors 105 a 97 san bliye Dallas Mavericks ki pat rankontre oken difikilte pou l kale Sakramento Kings 109 a 91.

Football

Defansè seleksyon nasyonal Italyen an Fabio Cannavaro leve kontan maten an apre FIFA deziye l kòm pibon pami pibon footballè pou ane 2006 la devan franse Zinedine Zidane ak brezilyen Ronaldinho Desizyon an pran gras ak vwa antrenè ak kapitèn seleksyon nasyonal la ki bay Cannavaro 498 vwa kont 454 pou Zinedine Zidane epi Ronaldinho ranmase 380 vwa. Cannavaro te deja resevwa balon dò jounal Frans Football ofri meyè footballè kap evolye sou kontinan Eropeyen an.

Yon lòt fwa ankò Ronaldinho rate 4 gwo opòtunite pou ane a--koup du mond Almay 2006 la, balon dò Eropeyen an, koup du mond Klub yo ak meyè jwè pou ane a.

Pou yon 4 trièm fwa afile ak yon total 5 fwa responsab yo an Frans nonmen Thierry Henry kòm meyè footbalè franse pou ane a. Thierry, kap jwe nan Arsenal, fini an premyè pozisyon devan Franck Ribery kap jwe nan Olenpik de Marseille ak Zinedine Zidane kap jwe nan Real Madrid.

Indianapolis Colt danse sou Cincinnati Bengals 34 a 16 pou amelyore pozisyon nan AFC South la ak 11 viktwa 3 defèt pananke Cincinnati kontinye ap fè efò pou l jwen yon envitasyon espesyal ak 8 viktwa 6 defèt.

XS
SM
MD
LG