Nouvèl la tonbe tankou youn kout zeklè nan yon syèl kalm, jedi 14 desanm pase a pou fè konnen atis pent ayisyen Jean Claude Garoute, alyas Tiga, rann dènye soupi li nan vil Fort Lauderdale, nan eta Florid, Ozetazini. Li te antoure avèk manm fanmi li, sitou 2 pititfi li yo, Pascale ak Claude. Li te genyen 71 zan. Nou di
nouvèl la tonbe "tankou yon kout loray", paske, menmsi atis la pa t pote l byen depi kèk mwa, gen sektè ki te espere li ta pral retounen sou sèn nan pou l kontinye travay kote li t ap aprann jenès ayisyèn nan renmen peyi li e apresye eritaj kiltirèl peyi a, Ayiti. Nan okazyon sa a, Lavwad'lamerik ap rann 2 omaj angiz youn (Ti Koze ak Rankont) pou gwo potomitan sa a nan penti ayisyèn nan ki kite yon gwo vid nan fanmi atis ayisyen yo.