Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen an Reponn Kesyon Kèk Palmantè Sou Pwoblèm Ensekirite a


Daprè korespondan nou Rotchild Francois Junior, premye minis ayisyen an Jacques Edouard Alexis konparèt devan palman an jounen mèkredi a pou l reponn kesyon sou pwoblèm ensekirite a.

Msye Alexis kontinye rann depòte yo responsab zak kidnapping yo, byen ke responsab kèk òganizasyon deklare yo kwè ke gen gang ame ki enplike tou nan vyolans la ann Ayiti.

Premye minis Alexis pale de enpòtans yon sant dakèy pou depòte yo. Pandanstan, nèg ak zam kidnape yon dizèn elèv lekòl nan zòn “Laplèn,” yon banlye Pòtoprens nan jounen mèkredi a.

Bandi ame k ap fè kidnapping yo sanble yo tabli baz yo nan “Laplèn.”

XS
SM
MD
LG