Accessibility links

Breaking News

Yon Klub Ayisyen nan Pwochen Tou Koup Karayib la


Football

Klub ayisyen Baltimore de Sen Mak kalifye pou 2 zièm tou eliminatwa dè klub chanpyon ak vis Chanpyon kap dewoule nan Jamayik gras a 2 viktwa yo ranpòte. 2 a 0 devan klub Jamayiken Waterhouse epi 4 a 0 devan klub Antigua Undeba. Triangulè a ap fini jodi a ak rankont ant Waterhouse fas a Undeba nan Kingston Jamayik. Group C a ap fini demen ak rankont ant klub Trinidadyen W Connection fas a Puerto Riko Islanders 2 klub yo gen yon 3 pwen yo chak.

Kalifye yo Habour View, Baltimore de Sen Mak, venkè group C a ak group D a pral patisipe nan yon kwadrangulè.

Nan kad Mondyal klub-yo, ekip brezilyèn Internacional / Porto Alegre ak klub espayòl FC Barselòn pati favori pou demi final-yo lè yap rankontre respektivman ak klub ejpsyen Al Ali e klub Meksiken America. Match yo ap dewoule demen mèkredi-a ak jedi nan vil Tokyo ak Yokohama. Demen mèkredi-a , Internacyonal ap jwe kont Al Ali ; epi jedi, Barca , chanpyòn dewòp ap jwe kont Internacyonal, chanpyon Kopa Libertadorès de Amerika. Final-la ap dewoule dimanch nan Yokohama.

Konfederasyon Brezilyèn Foutbòl-la (CBF) anonse kandidatu Brezil pou òganize Mondyal 2014. Prezidan CBF-la Ricardo Techera ap gen pou prezante ofisyèlman kandidatu Brezil pou akeyi Mondyal-la 64 tran aprè selon komunike-a. Prezantasyon kandidatu sa-a ap fèt nan Tokyo. Techera ak dirijan FIFA-yo twouve-yo o Japon pou tounwa sa-a ki reyuni klub ki ranpòte koup kontinantal-yo.

FIFA revoke jodi madi-a direktè maketing ak televizyon-l-lan . Gen 3 lòt anplwaye ki jwen revokasyon-yo tou pou yon kesyon detik. Anplaye sa-a yo se : Jerome Valcke, Tom Houseman, Robert Lampman et Stefan Schuster . Se premye retonbe nan zafè Master Card / VIZA-a . Sa pa gen lontan yon juj ameriken te mande FIFA pou l pèmèt credit Card Ameriken Master Card patwone koup du mond FIFA 2010 ak 2014 la. Desizyon sa a pran apre FIFA te siyen yon kontra pou Viza patwone 2 koup du mond yo. Juj la reproche FIFA le fè li pat bay Master Card chans pou l te patisipe nan negosyasyon yo.

Eritree ak Burkina Faso kalifye pou faz final eliminatwa koup du mond kadè a ki pral dewoule nan Togo pou konfime reprezantan kontinan Afriken an nan pwochen koup du mond kadè a kap dewoule an Kore du Sud. Lòt kalifye yo se Gabon. Gana, Nijerya, Afrik du Sud ak Tunizi. Gwo absan Senegal, Maròk ak Kot Divwar.

Responsab yo nan DC United boukante adolesan ameriken Freddy Adu ak Real Salt Lake yè Lendi a--desizyon kap mete nan frustrasyon ak antrenè a akoz Adu di li pa jwe ase. An plis de Freddy Adu DC United bay Real Salt Lake gadyen an Nick Rimando ki gen lontan depi li chita sou ban. Pou sa ki gen rapò ak Freddy Adu antrenè Peter Nowak fè konnen li espere Adu ap kontan transfè e ke li pral jwe nan pozisyon li prefere kontrèman ak pozisyon D.C United mete l jwe.

Decizyon an pran apre Freddy Adu sot pase 2 semen ap antrenè aklub Angle Manchester United. Adu toujou manifeste entansyon pou l jwe an Eròp men lap kapab fè l lè gen 18 tan an Jwen pwochen dapre règleman yo. Lòt klub Eropeyen ki enterese nan sèvis sansasyon football ameriken an se Chelsea ak Real Madrid. Adu jwe 87 match pou D.C United, li make 11 gòl e li fè 17 pas ki make gòl. Adu siyen yon kontra 2 zan ak klub Real Salt Lake.

Chikago Bears pat rankontre oken difikilte pou l elimine St Louis Rams 42 a 27 nan kad match ki jwe chak Lendi. Viktwa ki pèmèt Chikago pap jwe premye tou faz final la.

Basketball

Vince Carter make 37 pwen pou ede New Jersey Nets tronse Memphis Grizzlies 105 a 92. Portland Trail Blazers ranpòte yon viktwa de justès devan Philadelphia 76ers 81 a 79. Miami Heat danse sou Toronto Raptors 99 a 77. Lòt venkè yo se Botton Celtics, Phoenix Suns, New Orleans Hornets, Chikago Bulls, Utah Jazz ak San Antonio Spurs yo tout ranpòte la viktwa.

A pati de 1 Janvye 2007, responsab yo nan NBA a ap retounen ak balon an kwi yo te abandone nan debu sezon an akoz jwè yo plenyen.

OLYMPICS QATAR

Otorite yo nan Katar fè konnen kapital la Doha pral kandida pou òganize je zolempik yo an 2016. Responsab yo kap òganize je Azyatik yo, yon mini je zolenpik, di yo gen konfyans yo kapa òganize je zolenpik yo. Gouvènman depanse plis pase 2 milya 800 milyon dola pou l konstri enstalasyon pou akeyi je Azyatik yo san bliye lòt ensfrastruktu kap konstrui.

Dopaj

Ajans Anti Dopaj Mondyal la fè konnen li gen supò nesesè pou ratifye trete global sou utilizasyon dròg nan spò. Yè Lendi a Luksanbourg dakò pou l siyen trete a pou fè l tounen 30 tièm peyi sa kap pèmèt trete mondyal la antre an aplikasyon an Fevriye. Trete a pèmèt peyi yo mete opa politik spòtif yo, règleman yo ak lwa yo ak Kòd anti dopaj entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG