Accessibility links

Breaking News

Prezidan Préval Konfime Pwoblèm Pwostat li a Poko Rezoud


Nan yon rankont ak laprès dimanch 10 desanm nan nan Pòtoprens, Prezidan René Préval bay kèk presizyon anpil moun t'ap tann konsènan eta sante li. Msye Préval, ki retounen soti Kiba, kote li te konsilte medsen li, fè konnen apre operasyon pou kansè pwostat li te fè sa gen senkan an, li oblije ale La Avàn chak ane pou li fè tès. Fwa sa a, tès yo revele eta li pa nòmal, malgre li pat ka di si kansè retounen ou non. Rotchild François, Jr. gen detay.

Lòt deklarasyon Prezidan ayisyen fè yè se sou pwojè-lwa HOPE la ke Kongrè ameriken an apwouve vandredi pase a la a. Msye Préval reyaji pozitivman sou vòt la, dapre Jn-Pierre Leroy, korespondan ekonomik nou.

Nan Latibonit, gwoup k'ap defann dwa moun mande gouvènman Alexis a aji ak plis detèminasyon kont moun k'ap vyole dwa kretyen-vivan nan rejyon an. Alfred Jean gen nouvèl sa a depi Gonayiv.

Pou w ka koute dosye Ayiti a, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG