Football
Federasyon Football Alman an aksepte envitasyon pou l jwe kont Angletè nan okazyon match inogural nouvo stad Wemble a ki fikse pou 22 Out 2007.
Klub Meksiken Amerika ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan klub Sud Koreyen Chonbuk Motors pou mete l fas a fas ak FC Barselòn nan semi final koup du mond klub yo Jedi a kap dewoule nan Toyota O Japon.
Klub Ejipsyen Al Ahly ki se chanpyon Federasyon football Afriken an kale klub Auckland City de Nouvèl Zeland 2 a 0 pou l rankontre ak Klub Brezilyen Interncional nan lòt semi final la. Final la ap dewoule 17 Desanm nan Yokohama.
FIFA ap etudye posibilite pou chanpyona du mond dè klub yo tap pase a 8 olye de 6 e kap pèmèt peyi òganizatè kalifye otomatikman. FIFA pa ekate posibilite pou l ta òganize konpetisyon an nan lòt peyi a kondisyon yo peyi sa yo ofri menm kondisyon e petè pibon ke kondisyon Japonè yo ofri.
Klub Meksiken Chivas de Guadalajara kale Toluca 2 a 1 pou l ranpòte 11 zièm tit chanpyona premyè divizyon Meksiken an. Klub ayisyen Baltimore de Sen Mak ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan klub Jamayiken Power House nan kad eliminatwa koup Karayib dè klub chanpyon ak vis chanpyon nan group B a kap dewoule nan Kingston Jamayik.
Franse Robert Nouzaret, 63 zan, non-men antrenè seleksyon nasyonal Guine nan plas konpatriòt li Patrice Neveu.
A pati de 13 Desanm-8 meyè klub nan chanpyona nasyonal ayisyen ap patisipe nan mini-champyona Super 8 ak seri match ale/retou. Nan match ale a Zenith du Kapayisyen ap rankontre ak Don Bosco de Petionville ki sot revoke antrenè Arjanten Claudio Ferrand akoz li pa reponn ak atant dirijan yo. Victory kont Aigle Noir--Asosyasyon Spòtif Mirbalè kont Baltimore de Sen Mak epi Cavaly de Leogane kont Racing Klub ayisyen an. Match retou a fikse pou Vandredi. Venkè yo ap kalifye pou semi final la .Venkè mini chanpyona a ap ranpòte 10,000 dollars ameriken epi vis chanpyon an ap ranpòte 7,500.00 dola pri ke konpayi digicel ap ofri.
San Diego Chargers ranpòte divizyon AFC West la apre swif 48 a 20 yo pase Denver Broncos. Chargers yo kalifye ak yon palmarès 11 viktwa 2 defèt malgre manke 3 match pou sezon regulye a fini. Chargers yo devan Indianapolis Colt ki pèdu devan Jacksonvil Jaguars 44 a 17 epi Baltimore Ravens ki kale Kansas City Chiefs 20 a 10. Miami Dolphins anpeche New England Patriots ranpòte divizyon AFC East la gras ak yon rakle 21 a 0 yo ranpòte. Arizona Cardinal ki an dènye pozisyon supran Seattle Seahawks 27 a 21. New Orleans Saints danse sou Dallas Cowboys 42 a 17. Washington Redskins elimine ofisyèlman apre defèt 21 a 19 yo subi devan Philadelphia Eagles. Aswè a Chikago Bears ap vizite Saint Louis Rams.
Tennis
Swis Roger Federer ak Bèlj Justine Henin-Hardenne non-men kòm chanpyon du mond tenis pou ane 2006 la. Federer tounen 4 trièm jwè tenis ki ranpòte kategori maskulen an pou yon 3 zièm ane afile ansanm ak Swedwa Bjorn Borg, ameriken Pete Sampras, ameriken dorijin Chèk Ivan Lendl. Henin-Hardenne ranpòte pri a devan franse Amelie Mauresmo pou yon 2 zièm ane afile. Henin-Hardenne rive nan final tenis 4 gran Shelem pou ane a e li ranpòte yon sèl ( tounwa Roland Garos la). Li ranpòte yon total 6 tounwa tenis pou ane a.
Basketball
sou San Antonio Spurs 106 a 99. Phoenix Suns ranpòte 10 zièm viktwa afile yo apre yo pilon-nen Charlotte Bobcats 114 a 84. Portland Trail Blazers te fè anpil efò avan li kale Toronto Raptors 93 a 83 san bliye Sakramento Kings ki mete fen nan 5 defèt afile apre viktwa fasil li ranpòte devan Atlanta Hawks 117 a 92.
Atletisme
La Chin kontinye ap domine je Azyatik yo nan Doha Katar ak yon total 212 meday pami yo 110 an ò devan Japon ki gen 136 pami yo 38 an ò epi Kore du Sud ki gen 37 meday an ò pou yon total 135 meday. Kore du Nò ap rankontre ak Japon pou meday dò nan football feminen. Nò Koreyen yo woule la Chin 3 a 1 an pwolongasyon pandan Japon kalifye pou final la apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Kore du Sud.
2 Atlèt Uzbekistan teste pozitif nan kad tès dopaj ki fèt pandan Je Azyatik yo. Atlèt yo teste pou kanabis. Dosye a transfere bay Federasyon Leve-d-pwa entènasyonal la ki kapab suspann atlèt yo pandan 2 zan. Atlèt Katar dorijin Kenyan Mubarak Hassan Shami ranpòte maraton nan Je Azyatik yo.
Federasyon Atletisme Norvejyen ak komite Olenpik la suspann avi kourè Aham Okeke apre li te teste pozitif nan konpetisyon Atletis ki te dewoule nan Goteborg an Juyè.
Kourè long distans Etyopyen Ambessee Tolossa ranpòte maraton Honolulu a ke li kouvri 2 zhè-tan 13 minit-42 sekond.. Kenyan Jimmy Muindi fini an 2 zièm pozisyon ak Eric Wainana.
Boxe
Boksè Rus Oleg Maskaev konsève tit Konsèy Mondyal Bosk la ak yon viktwa unanim li ranpòte devan boksè Ougandè Peter Okhello ki sot dewoule nan vil Moskou.