Football
Ansyen antrenè seleksyon nasyonal Alman an Juergen Klismann retire nonn sou lis kandida ki tap negosye pou antrene seleksyon nasyonal ameriken an.
Bob Bradley, ansyen antrenè Chikago Fire e kap antrene Chivas USA, ap antrene ameriken yo an atandan yo jwen yon nouvo antrenè. Etazuni gen pou jwe 2 match amikal kont Danmak ak Meksik nan kòmansman ane a avan yal patisipe nan koup dò KONKAKAF la isit Ozetazuni ak Kopa Amerika a ki gen pou dewoule O Venezuela.
Unyon Football Eropeyen an aksepte Gilbratar kòm manb pwovizwa òganizasyon football Eropeyen an--yon desizyon Asosyasyon Football Espayòl la opoze ak tout fòs yo. Òganizasyon football Eropeyen an pran desizyon an apre Tribunal Spòtif la te deside yo pat kapab ekate Gilbraltar kòm manb akoz yo te deja soumèt kandidatu yo avan unyon Football Eropeyen an te chanje règleman yo.
Unyon Football Eropeyen an pral vote sou statu Gilbraltar nan okazyon Kongrè kap dewoule an Almay 25 Janvye 2007/ Rezon ki fè Espay kouche an kwa pou admisyon Gilbraltar kòm manb UEFA a se akoz diskusyon Espayòl yo genyen ak la Grand Bretay sou dwa gran moun peyi a. Yon lòt kote Unyon Football Eropeyen an di lap etudye posibilite pou l fè chanpyona Football Eropeyen pase a 24 ekip olye de 16. Responsab yo ap etudye posibilite a nan okazyon Kongrè ki pral dewoule nan Dusseldorf nan kòmansman ane a.
Federasyon Football Entènasyonal fè konnen li prale an apèl ak desizyon yon juj pran pou Mastercard patwone 2 pwochen koup du mond yo malgre antant òganizasyon football entènasyonal la deja siyen ak Visa. Juj la di FIFA te chache fè magouy lè li chache sèvi ak lwa Swis pou l siyen kontra ak Visa san li pat bay Mastercard yon opòtunite. FIFA publiye yon deklarasyon kote li di li te aji ak bòn volonte e li pat chache fè oken magouy.
Unyon Football Eropeyen an frape klub Olandè Feyenoord yon amand 166 mil dola pou dezòd fanatik yo te fè nan okazyon match Unyon Football Eropeyen an te jwe ak klub franse Nancy. Fanatik Olandè yo te kraze fenèt, batay, kraze chèz nan vil Franse apre Nancy te ranpòte la viktwa 3 a 0. Responsab yo mete klub an pwobasyon pandan 3 zan san dezòd--si sa fèt eh byen Feyenoord ap jwe 2 match nan yon stad vid. Klub la gen 3 jou pou l ale an apèl ak desizyon an.
Basketball
Kèk rankont ki fikse nan NBA a aswè a--Houston Rockets kont Chikago. WAshington Wizards pral lakay Phidelphia 76ers. Miami Heat pral lakay Denver Nuggets.
Yè swa Steve Nash make 42 pwen nan viktwa 161a 157 Phoenix Suns ranpòte devan New Jersey Nets an doub pwolongasyon. Detroit Pistons tronse Dallas Mavericks 92 a 82 epi Miami Heat te fè anpil efò avan li kale Sakramento Kings an pwolongasyon 93 a 91.
Pittsburgh Steelers tronse Cleveland Brown 27 a 7 nan kad match football zèpòl kare ki jwe chak Jedi swa pandan sezon an.
Pwopriyetè klub football zèpòl kare ameriken yo pran angajman pou prete New York Giants ak New York Jets 300 milyon dola pou kontruksyon yon nouvo stad nan New Jersey. Nouvo stad la kapab koute juska 1 milya 200 milyon dola ak yon kapasite juska 84 mil plas. Konstruksyon kap kòmanse an 2007 e ta dwe fini avan debu sezon 2010 la.
Natasyon
Almay bat yon rekò du mond nan kous natasyon kout distans kap dewoule nan Helsinki an Findland.