Accessibility links

Breaking News

Ayiti Nan Sant Deba yo Jodi a Nan Konferans CCAA a nan Miami


Konferans AKAS la (ann Angle CCAA, ki vle di Aksyon Karayib ak Amerik Santral la) ap kontinye nan Miami, Florid, jodi a ak yon seri ekspoze sou sitiyasyon peyi d Ayiti.

Nan yon ti kozman ak korespondan nou Jn-Pierre Leroy, repreantan minis finans la nan forum sa a fè konnen objektif peyi li kounye a se rive fè konkirans ak vwazen dominiken n yo, anvan pou li rive kenbe tèt ak rès Karayib la.

Pa gen anpil lidè ki fè deplasman an ane sa a. Laprès rapòte sèlman prezans Premye-Minis Jamayik la, Portia Simpson-Miller; Premye-Minis Babad la, Arthur Owen; ak Prezidan dominiken an, Leonel Fernandez.

Pou w ka koute repòtaj Jn-Pierre Leroy a, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG