Accessibility links

Breaking News

Elektè nan Ayiti, Venezuela, Madagascar ak Moritani Vote Jodi a


3 desanm 2006 la se te yon jounen eleksyon nan plizyè peyi.

Ann Ayiti, nouvèl yo rapòte yon patisipasyon ki trè ba, gwo mezi sekirite e kèk ensidan, sitou nan Plato Santral ak Grand'Ans.

Nan Venezuela, rezilta yo ta dwe bay Hugo Chavez Frias yon nouvo manda 6 zan dapre sondaj ki te fèt anvan prezidansyèl la.

Popilasyon malgach la akonpli devwa sivik li men sanble pap gen gwo chanjman e Prezidan ki sou pouvwa a ka rete nan djòb li.

Jent militè k'ap mennen nan Moritani an òganize eleksyon palmantè kote medam yo sanble yo ka pran plis fòs, dapre kèk analis.

Pou detay pwen sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG