Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Di Etazini Pran Angajman Pou l Kontinye Lite Kont SIDA


Prezidan Bush ak premye dam Etazini an Laura Bush fè yon rankont nan la Mezon Blanch vandredi premye desanm nan sou jounen mondyal Sida a. Prezidan Bush di lè yo make evenman sa a, sa ede souliye angajman Lezetazuni pran pou konbat pandemi an avek konpasyon e avek aksyon desizif.

Msye Bush di“Jounen mondyal Sida a se yon jounen pou le mond antye rekonèt ke gen 39 milyon moun k ap viv ak virus VIH la e ak Sida a, e se yon jou pou mounn sonje ke 25 milyon moun deja mouri anba maladi Sida a. Se yon jou tou pou Lezetazini sonje ke nou gen yon devwa pou nou fè kichoy pou jwenn yon solisyon pou epidemi an e pandemi sila a.”

Nan okazyon jounen mondyal Sida a premye desanm nan, sekretè jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan ankouraje lidè yo nan le mond antye pou yo respekte pwomès yo te fè pou ede efò kap fèt pou chache mete yon fren nan propagasyon viris ki bay viris VIH la ak maladi Sida a. Nan yon deklarasyon ki parèt vandredi, msye Annan kalifye pandemi VIH / SIDA a kòm pi gwo defi jenerasyon nou an. Men li ajoute finalman komunote entènasyonal-la resi komanse pran lut kont VIH la o serye.

Nan peyi d’Ayiti gen anpil pwogram ki sou pye nan okazyon jounen mondyal SIDA a pou sansibilize tout moun, pou fè yo pran konsyans sou gravite pandemi Sida a. Dr. Gladys Lapierre se yon espesyalis nan medsin komunotè prevantiv e sosyal an’ Ayiti. Li di nou lit kont SIDA a se yon lit ki dwe kontinye pou tout tan gen tan.

Nasyonzini fè konnen virus VIH la ki bay maladi SIDA a se prensipal koz ki touye fi ak gason ki nan laj 15 a 59 van. Gen plis ke 4 milyon moun ki pral enfekte ak viris VIH la ane sa a e prèske 2 sou chak 3 nouvo ka enfeksyon yo se pral nan rejyon anba Sahara a ann Afrik.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj Marie-Luce Pierre reyalize ak doktè Gladys Lapierre sou prekosyon kont viris ki bay maladi SIDA a.

XS
SM
MD
LG