Accessibility links

Breaking News

Eliminatwa Koup Karayib Klub Chanpyon ak Vis Chanpyon ap Demare nan Jamayik


Football

Se aswè a eliminatwa dè klub ak chanpyon ak vis chanpyon pou rejyon Karayib la ap dewoule nan Jamayik ak patisipasyon Aigle Nwa dAyiti. Aigle Nwa ap rankontre ak klub Jamayiken Habour View. Antrenè klub Jamayiken an rekonèt se vre yon pa konnen anyen de klub ayisyen an men se yon rankont li pran oserye akoz Ayiti souvan gen bon klub football. Match Aigle Nwa a fikse pou 8 thè nan aswè-Antrenè a kwè Aigle Nwa se pi bon klub ki gen nan tounwa a donk yon viktwa pou klub Jamayiken an ap yon bon demaraj. An leve d rido-Klub Kurasolè Sant Sosyal Sportif Barber ap rankontre ak Pozitif Vibes ki soti nan Sen Kitts and Navis.

Responsab yo nan KONKAKAF la anonse 6 stad kote 9 vièm edisyon koup dò KONKAKAF la pral dewoule soti 6 pou rive 24 Jwen ak patisipasyon 12 peyi nan rejyon an kap divize an 3 group de 4.

Stad yo se Orange Bowl la nan Miami, Home Depot Center tou pre Los Anjeles ak Giant Stadium nan East Rutherford nan New Jersey, Gillette Stadium to pre Boston, Reliant Stadium nan Houston Tekzas. 2 meyè nan chak group yo ak 2 meyè 3 zièm yo ap kalifye pou kar de final la. Semi final la ap dewoule nan Soldier Field nan Chikago. Venkè konpetisyon an ap kalifye pou Koup Konfederasyon FIFA òganize an Afrik du Sud. Tout patisipan yo ap soti nan rejyon KONKAKAF la.

Footbalè lejandè Brezilyen Pele sugjere ansyen Antrenè Alman Jurgen Klismann kapab yon chwa ideyal pou antrene seleksyon ameriken an. Mwa pase a prezidan federasyon football ameriken Sunil Gulati te fè konnen li deja rankontre ak Klismann sou kesyon an men yo pot ko jwenn yon akò. Yon sondaj ki fèt an Almay montre 74 pou 100 alman yo ta kontan si Klisman pran tèt seleksyon ameriken.

3 Klub kalifye pou pwochen tou Koup Unyon football Eropeyen an malgre batay ki te gen an Frans kote fanatik Nancy ak Feyernoord te mare batay apre Nancy tap men-nen 3 a 0 nan group E a. Espayòl kalifye apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Ajax Amsterda m nan group F la. Panathinaikos kalifye malgre match nul 0 a 0 li fè ak Rapid de Bucharest nan group G a. Lòt klub ki deja gen tikè yo se Seville, AZ Alkmaar, Glasgow Rangers, Maccabi Haifa, Tottenham, Dinamo de Bucharest, Parme, Blackburn ak Newcastle. 24 klub ap kalifye pou faz dechoukaj la. 15 Desanm 8 meyè 3 zièm nan Lig dè Chanpyon an ap vini ajoute nan tiraj osò a pou faz dechoukaj la.

Veteran seleksyon Swèd la Henrik Larsson pral bay Manchester United yon kout men pandan repò repo chanpyona Swèd la soti premye Janvye pou l rive 12 Mas lè chanpyona a ap rekòmanse. Nouvèl yo pa di kantite lajan Larsson ap resevwa pou kontra tout kout la.

Tennis

La Rusi ak Arjantin a egalite apre premye jounen final koup Davis la kap dewoule nan stad Olenpik la nan vil Moskou. Nikolay Davydenko ranpòte premye rankont la devan Juan Ignacio Cela ke li kale 6-1, 6-2, 5-7, 6-4. David Nalbadian te bezwen 2 manch pou l kale Marat Safin 6-4, 6-4, 6-4. Match doub la fikse pou demen Samdi a epi match senp ranvèse a fikse pou Dimanch.

Basketball

Kobe Bryant make 52 pwen pou ede Los Anjeles Lakers tronse Utah Jazz 132 a 103 yè swa. Detroit Pistons ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 87 a 85 gras ak 24 pwen Richard Hamilton make an favè Piston yo.

XS
SM
MD
LG