Elektè nan peyi Venezuela ap pare pou y'al akonpli devwa sivik yo dimanch 3 desanm nan kote yo pral chwazi yon Prezidan. Prezidan sòtan an, Hugo Chavez Frias, byen plase pou l'genyen sou advèsè li a, Manuel Rosales, ki gen soutyen opozisyon an.
Yon korespondan VOA te ranmase opinyon plizyè sitwayen nan Caracas, kit se nan kan Chavez la, kit se nan opozisyon an.
Koute repòtaj sa a lè ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.