Accessibility links

Breaking News

Difikilte nan Koup Super 8 Digicel la Akoz Absans 2 klub Ayisyen


Football

Eliminatwa chanpyona dè klub football chanpyon ak vis chanpyon Karayib la ap demare Weekend sa a ak patisipasyon 2 klub ayisyen Egl Nwa ak Baltimore Sportif de Sen Mak nan Kingston Jamayik pou detèmine reprezantan Karayib la nan Chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak Vis Chanpyon an.

Soti premye pou rive 5 Desanm group A ki gen ladann klub Jamayiken Harbour View, Egl Nwa, Pozitif Vibes ak Sant Spòtif Sosyal de Antigua. Egl Nwa, ki ta dwe rive jodi a nan Jamayik, ap jwe premye rankont li demen Vandredi 1 Desanm kont chanpyon Jamayiken Harbour View. Baltimore de Sen Mak ap jwe premye rankont li nan group B a le 10 Desanm kont UNDEBA yon klub Antigua e Barbuda.

Absans 2 klub ayisyen yo kapab andikape mini chanpyona Koup Digicel la kap gen ladann 8 meyè klub chanpyona nasyonal ayisyen an. An plis de pwoblèm sa a sanble triyangulè de baraj koup Digicel la kapab dewoule an Ayiti nan mitan mwa Desanm nan dapre jounal lematen.

Chanpyon Karayib la pral reprezante rejyon an nan chanpyona KONKAKAF la kote li pral rankontre chanpyon douvètu Lig Meksiken an nan kar de final la.

Tennis

Numewo 3 tenis mondyal maskulen an Rus Nikolay Davydenko ap louvri final koup Davis la fas a Arjanten Juan Ignacio Chela ak yon dezavantaj-yon jwè li pa janm bat pandan 5 rankont. Marat Safin ki ranpòte 2 tounwa tenis Gran Shelem ap rankontre ak David Nalbadian nan lòt rankont senpl la ki fiske pou demen. Ekip doub la ap gen ladann Dmitry Tursunov ak Mikhail Youzhny kont Nalbadian ak Augstin Calleri. La Rusi te ranpòte koup Davis la an 2002 pandan Arjantin poko janm ranpòte yon tit.

NBA

New York Knicks te fè anpil efò avan li kale Cleveland Cavaliers 101 a 98. Boston Celtics tonbe devan New Jersey Nets 106 a 103. Dallas Mavericks danse sou Toronto Raptors 117 a 98. Utah Jazz pilon-nen San Antonio Spurs 83 a 75. Orlando Majick danse sou Seattle Supersonicks 94 a 84. CN-

Responsab yo nan NBA a frape antrenè Los Anjeles Lakers la Phil Jackson yon amand 25 mil dola apre li pat mete dlo nan bouch li pou kritike abit yo pandan yon rankont semen pase a.

Football

Nap retounen nan football, responsab yo nan Milan AC demanti nouvèl kap sikile an Itali ak an Angletè ke yap negosye retou Andrei Chevtchenko nan ekip la. Chevtchenko ap jwe nan Chelsea depi Me apre li te pase 7 sezon nan fòmansyon Milanè yo kote li make 173 gòl pandan 296 rankont. Vedèt Ukrenyen an, ki demanti nouvèl la, sanble lap konfwonte yon seri de difikilte nan klub Angle a kote li make 3 gòl sèlman.

Koup Unyon Football Eropeyen an ap kontinye jodi a ak yon seri de rankont Paris Sen Jermen kont Mlada Boleslav. Nancy kont Feyenoord de Rotterda m. Yè Mèkredi a Oksèr woule patizan de Belgrad 4 a 1. Parme ranpòte yon viktwa tou mens devan Lens 2 a 1.

An Itali Inter de Milan ak AS Ròm kalifye pou kar de final Koup DItali a apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Triestina ak Messine ki tonbe 4 a 0. Palerme gen pou rankontre ak Sampdoria de Jè n epi Verone kont Reggina.

An Almay Federasyon football alman an fé konnen koup du mond yo sot òganize a rapòte plis pase 140 milyon dola benefis. Apre yo finn peye taks ak FIFA ki estime ak yon valè anviwon 45 milyon dola, federasyon fè konnen lap kenbe nan kès li anviwon 60 milyon dola-mwatye nan lajan an pral distribye ant klub premyè divizyon Bundersliga a.

Iran ranpòte la viktwa 3 a 1 devan Maldives nan group D chanpyona football Je Azyatik yo kap dewoule nan Doha Katar.. La Chin kale Irak 1 a 0 nan group E a malgre yo jwe 2 zièm mitan an ak 10 jwè. Japon te fè anpil efò avan li kale Pakistan 3 a 2-- Kore du Nò fè match nul 0 a 0 fas a Siri. Nan group D a End fè match nul 1 a 1 ak Hong Kong. Oman pase sou Malezi 3 a 1 nan group E a.

Seremoni ofisyèl Je Azyatik yo ap dewoule nan demen. Gen 24 seleksyon nasyonal football kap patisipe nan je yo. Premye nan chak group yo ansanm ak 2 meyè 2 zièm yo ap kalifye pou jwe kar de final la. 12 mil atlèt, ki soti nan 45 peyi, ap patisipe nan konpetisyon an nan 39 disiplin.

Olenpik

Vil Salzburg jwen supò gouvènman Otrichyen pou l òganize je zolenpik dhivè yo an 2014. Gouvènman an anonse li aprouve yon budjè 965 milyon dola kòm frè depans pou òganizasyon je yo si Komite Olenpik la seleksyone yo an Juyè pwochen. Lòt vil kandida se vil Sud Koreyen Pyeongchang, vil rus Sochi. Atletisme

Kourè Olenpik ameriken Justin Gatlin kap purje yon suspansyon 8 tan pou dopaj, kömanse antrene ak ekip football zèpòl kare ameriken Houston Texans. Responsab yo di yo poko gen plan pou siyen yon kontra ak Gatlin.

Cyclisme

3 meyè ekip siklis mondyal ap patisipe nan Tour Kalifòni kap kòmanse ane pwochè n. Discovery Channel, Ekip CSC ak Predictè-Lotto se 3 premye ekip siklis sou yon total 16 ki deja konfime patisipasyon yo. Kous la kouvri plis pase mil kilomèt pou yon total 8 etap.

XS
SM
MD
LG