Accessibility links

Breaking News

Brezil Kontinye Kenbe Tèt Klasman Jeneral FIFA a


Football

Brezil pran distans li an klasman jeneral FIFA publiye devan Itali, la Frans, Angletè, Almay, Oland, Portugal, Nijerya, Republik Tchèk figure sou lis 10 premye yo. Nan zòn Konkakaf la, Meksik klase 20 tièm devan Etazuni ki klase 31 nièm. Nan Karayib la Kuba klase 46 zièm devan Jamayik 58 tièm, Sen Vensan e Grenadin 87 tièm epi Ayiti 92 zièm.

Nan koup dò KONKAKAF feminen an Jamayik ap rankontre ak Kanada epi Meksik kont Etazuni nan Kalifòni nan semi final la konpetisyon an. Jamayik ap reprezante Karayib la nan Je Panameriken ki gen pou dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter se manb honorè klub football Real Madrid dapre anons ki fèt yè Madi a. Msye Blatter siyen yon akò ak prezidan Ramon Calderon pou FIFA ansanm ak Fondasyon Reyal Madrid la jwen strateji pou amelyore kondisyon ti moun tou patou sou tè a sutou nan peyi sou devlope yo, nan jwe football.

Celtic Glasgow ak Milan AC kalifye pou 2 zièm tou lig dè chanpyon Eropeyen an ansanm ak 6 lòt klub ki te deja kalifye( Bayern de Munik, Liverpool, PSV Eindhoven, Lyon, Valencia ak Real Madrid). Manchester United kite bezwen yon nul pou l kalifye tonbe devan Celtic Glasgow 1 a 0. Benfica de Lisbon woule FC Conpahagen. Milan AC pèdu devan AEK dAtè n. Lille, ki te bezwen yon viktwa, fè match nul 0 a 0 ak Anderlecht. Real Madrid fè matcu nul 2 a 2 ak Lyon. Steaua de Boukarès fè match nul 1 a 1 ak Dynamo de Kiev.

Jodi a ap gen kèk lòt match nan group A a Werder de Brem ap rankontre ak Chelsea. Levski de Sofia fas a Dynamo de Kiev. Nan group B a Spartak de Moskou kont Bayern de Munick. Inter de Milan kont Sporting de Lisbòn. Bordo kont Galatasaray epi Liverpool kont PSV Eindhoven. Nan group D a Valencia kont Olympiakos epi Shakhtar Donetsk kont AS Wòm.

Nouvèl kap sikile an Espay fè konnen federasyon football Espayòl la kapab revoke antrenè seleksyon an Luis Aragones. Ansyen antrenè seleksyon an Jose Antonio Camacho kapab ranplase msye Aragones nan okazyon rankont federasyon an ap fè 14 Desanm. Espay pèdu 4 dènye rankont li jwe avek antrenè Aragones. Espay gen 3 pwen nan group F eliminatwa koup dEròp la. Yo klase 5 kièm nan group la ke la Grès ap domine ak 12 pwen.

Olympics

Minis Olympic Britanik la Tessa Jowell fè konnen kantite lajan nesesè pou reyalize je zolenpik Lond 2012 depase plis yon tyè pri orijinal la-sa vle di 6 milya-250 milyon dola-yon ogmantasyon 1 milya 700 milyon dola.

Basketball

Kèk rankont aswè a nan NBA Cleveland Cavaliers ap fè deplasman lakay Toronto.San Antonio Spurs ap akeyi Miami Heat ki pa twò an fòm. Washington Wizards pral lakay Houston. Utah ki byen demare chanpyona a pral lakay Sakramento Kings.

Damon Jones make yon seri de 3 pwen pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès devan Memphis Grizzlies 97 a 94. Washington Wizards tonbe fas anba devan Dallas Mavericks 107 a 80. New Orleans Hornets pilon-nen Miami Heat 101 a 86 gras ak 23 pwen Peja Stojakovic make. Indiana Pacers woule Milwaukee Bucks 93 a 88. Detroit Pistons ranpòte yon bèl viktwa 97 a 87 devan Philadelphia 76ers. Denver Nuggets te fè anpil efò avan li kale Chikago Bulls 113 a 109. Kobe Bryant make 40 pwen nan viktwa tou mens 105 a 101 Los Anjeles Lakers ranpòte devan Los Anjeles Clippers.

Atletisme

Chanpyon Olenpik ameriken Dan O’Brien ak Rex Cawley figure pami 8 atlèt ki pral fè pati galri selebrite Atletis ameriken an nan Indianapolis, Indiana.

Volebòl

La frans kale Kuba 3 a 1 nan chanpyona du mond volebòl kap dewoule O Japon. Brezil ki kale Almay 3 a 0 fini nan tèt group la ak 4 viktwa yon defèt. Nan group A la Polòy woule Japon 3 a 0. Porto Riko tronse la chin 3 a 1. Ajantin danse sou Ejipt 3 a1. Nan group C a Etazuni kalifye apre viktwa 3 a 0 li ranpòte sou Iran. Bulgari woule Republik Tchèk 3 a 1 menm skò a pou Itali devan Venezuela. Nan group D a Tunizi tronse Kazakhstan 3 a 0. Menm skò pou Sèbi/Montenegro devan Kanada epi la Rusi devan Kore du Sud. 4 premye nan chak group de 6 yo kalifye pou 2 zièm tou a.

XS
SM
MD
LG