Natasyon
Najè Ostralyen Ian Thorpe alyas Torpido ki se chanpyon Olenpik 5 fwa, anonse retrèt li nan tout konpetisyon--yon desizyon li pran brid soukou. Thorpe bat yon total 13 rekò du mond ant 1999 a 2002.Football
Football
Jodi a Bahamas ap rankontre ak Sen Vensan e Grenadin pandan Barbad pral woule balon fas a Bermud nan kad 2 zièm match kalifikatif koup Digicel la pou group G a. Sen Vensan e Grenadin ak Barbad yo chak gen 3 pwen-donk yon viktwa ap bay yo tikè pou fas final la ki gen pou dewoule nan Trinidad and Tobago nan debu ane 2007 la.
Footbalè adolesan ameriken Freddy Adu kòmanse yon kan dantrenman nan akademi football klub Angle Manchester United depi yè Lendi a kote lap pase 2 semen. Adu poko kalifye pou l jwe nan yon klub football etranje juskaske li gen 18 tan dapre règleman FIFA.
Klub Franse Lille kap akeyi Anderlecht kapab kalifye pou 8 tièm de final koup dè chanpyon Eropeyen an akondisyon li ranpòte la viktwa. Lyon ak Real Madrid, ki deja kalifye ap sèlman jwe pou la fòm ak posibilite pou AEK dAtèn pa ranpòte la viktwa devan Milan AC.
Jacksonville Jaguars ranpòte yon bèl viktwa devan New York Giant yè swa nan kad match football zèpòl kare ki jwe chak Lendi. 2 ekip yo gen yon palmarès 6 viktwa 4 defèt.
Basketball
Utah Jazz te fè anpil efò avan li kale Toronto Raptors 101 a 96 pou mete l ak 10 viktwa 1 defèt pi bèl pèfòmans Jazz yo renmèt nan istwa klub la. Nan lòt rankont Dallas Mavericks pilon-nen Charlotte Bobcats 93 a 85. Orlando Majik tonbe devan Memphis Grizzlies 95 a 86 .San Antonio Spurs woule Portland Trail Blazers 107 a 98. Phoenix Suns ranpòte yon viktwa tou mens devan Golden StateWarriors 113 a 110 pananke Houston Rockets kale New York Knicks 97 a 90. Malerezman New Jersey Nets pat gen chans dean Seattle Supersonics 87 a 99.
Atletisme
La Chin anonse lap voye yon delegasyon 647 atlèt nan je Azyatik yo kap dewoule nan Doha, Katar mwa pwochen an.. China yo pral chache domine konpetisyon an pou yon 7 tièm fwa afile. Nan je Azyatik yo ki te dewoule nan Busan nan Kore du Sud la Chin te ranpòte 150 meday dò--84 arjan ak74 bronz. La Chin ap patisipe nan 37 disiplin sou yon total 39. Dapre responsab je Azyatik yo se dènye konpetisyon kote la chin ap deplwaye yon gwo delegasyon avan yo òganize je zolenpik yo an 2008.
Tennis
Swis Roger Federer bat archirival li espayoèl Rafael Nadal nan okazyon yon match dekzibisyon ki jwe nan Sewoul. Federer te bezwen 1 hè 22 minit pou kale Nadal pou yon 2 zièm fwa an 3 jou 6-3, 3-6, 6-3