Accessibility links

Breaking News

Jamayik ak Meksik Kalifye pou Semi Final Koup Dò KONKAKAF la


Football

Jamayik ak Meksik kalifye pou semi final faz final eliminatwa koup du mond football feminen an pou zòn KONKAKAF la. Jamayiken yo, ki kale Panama 2 a 0, pral rankontre ak Kanada nan Los Anjeles Mèkredi. Meksik ki woule Trinidad and Tobago 3 a 0, pral rankontre ak Etazuni nan lòt semi final la. 2 venkè yo ap kalifye pou final la ki fikse pou Dimanch.

Finalis yo ap reprezante rejyon an nan koup du mond Football feminen FIFA kap dewoule an Chin an 2007. 2 pèdan yo ap jwe yon match kalifikasyon--peyi ki fini 3 zièm nan pral jwe yon match de baraj kont Japon pou yon lòt plas nan koup du mond la. Jamayik deja kalifye pou reprezante rejyon Karayib la nan Je Panameriken yo ki gen pou dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil an 2007.

Klub Brezilyen Sao Paolo ranpòte chanpyona du football Brezilyen an gras ak yon match nul 1 a 1 yo fè ak Paranense.

Sen Vensan e Grenadines ak Barbade ranpòte la viktwa nan 2 zièm tou Koup Digicel la kap dewoule nan la Barbad nan group G a. Sen Vensan e Grenadin woule Bermud 3 a 0 pandan Barbad tronse Bahamas 2 a 1. Demen Madi a Bahamas ap rankontre ak Sen Vensan e Grenadin pandan Barbad pral woule balon fas a Bermud

Tanzani suprann Angola gras ak yon match nul li fè nan Dar es Salaam nan okazyon yon match amikal entènasyonal la ki jwe yè Dimanch la. Tanzani ap jwe yon lòt match amikal kont Afrik du Sud le 5 Desanm toujou nan Dar es Salaam.

Chanpyon an tit Lig football Eropeyen an Barselòn trouve l nan yon move pozisyon nan moman lap pare pou l abòde avan dènye jounen chanpyona a. Barselòn, ki klase 3 zièm nan group la, dwe kale Levski de Sofia Mèkredi si l vle konsève espwa l pou l kalifye pou 8 tièm de final konpetisyon an. An ka de match nul ou byen yon defèt e si Werder de Brèm kale Chelsea an Almay Barselonè yo ap elimine.

Chelsea, ki deja kalifye pou faz dechoukaj la ansanmak Bayern de Munik nan group B ak Valans nan group D a. Bayern de Munik ap jwe an deplasman lakay Spartak de Moskou. Inter de Milan kapab kalifye si l kale Sportig de Lisbon. Valans ap akeyi Olenpyakos.

AS Ròm kapab kalifye akondisyon li kale Shakhtar Donetsk. Demen Madi a pral gen yon duèl nan group E a lè Real Madrid ak akeyi Lyon. 2 ekip yo deja kalifye pou faz dechoukaj la. Liverpool ak PSV Eindhoven deja kalifye nan group C a. Liverpool ap akeyi PSV pandan ke Bordo ap akeyi Galatasaray Mèkredi. CSKA de Moskou kapab kalifye si l kale FC Porto.Arsenal ak akeyi Hambourg.

Demen Madi Machester United, ki bezwen yon viktwa ou byen yon nul, pral lakay Celtic Glasgow. Milan AC bezwen yon nul pou kalifye lè lap rankontre ak AEK dAtè n demen Madi a. Lille kapab kalifye tou l si l kale Anderlecht.

Yon kout je nan chanpyona Eropeyen yo. An Espay Real Madrid tronse Racing Santander 3 a 1. Barselòn pilon-nen Majorque 4 a 1. Inter de Milan pran tèt chanpyona Italyen an gras ak yon viktwa tou mens li ranpòte devan Reggina 1 a 0 apre Palerme te tonbe 1 a 0 devan Cagliari.

An Angletè pral gen yon duèl semen pwochen nan ant Manchester United ak Chelsea apre viktwa yo ranpòte nan chanpyona a. Chelsea kale West Ham 1 a 0. Manchester United tronse Sheffield 2 a 1. An Almay Shalke 04 pran tèt chanpyona gras ak yon swif 4 a 2 li pase Cottbus nan okazyon 13 zièm jounen Bundersliga a. An Frans Olenpik de Marseille pase yon move kadhè avan li kale Valansyèn 1 a 0

Dallas Cowboys mete fen nan parad Indianapolis Colt tap renmèt gras ak yon swif 21 a 14 yo pase yo. Malgre defèt la Indianapolis Colt gen yon palmarès 9 viktwa 1 defèt menm situasyon pou Chikago Bears ki woule New York Jets 10 a 0. San Diego Chargers tronse DEnver Broncos 35 a 27. Washington Redskins fè bèk atè devan Tampa Bay Buccaneers. Philadelphia Eagles tonbe devan Tennessee Titans 31 a 13. Aswè a Jacksonvil Jaguars ap akeyi New York Giants.

Basketball

Tim Duncan make 35 pwen pou ede San Antonio Spurs ranpòte yon bèl viktwa 108 a 99 devan Sakramento Kings. Los Anjeles Lakers te fè anpil efò avan li kale Chikago Bulls 82 a 72. Kobe Bryant make 18 pwen nan viktwa a.

Shaquille O’Neal ap pran yon repo ant 4 a 6 semen apre operasyon li subi pou repare yon seri de tissu nan pye goch li.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer te bezwen 3 manch 6-0, 6-3, 6-4 devan ameriken James Blake e ranpòte tounwa tenis dè mèt Shangai la. Federer mete fen nan ane a ak 29 viktwa afile sanbliye yon rekò 92 viktwa ak 5 defèt pou yon total 12 tit nan 17 tounwa. Blake ap fini sezon kòm numewo 4 mondyal.

Natasyon

Najè Ostralyen Ian Thorpe ansanm ak antrenè l yo ap anonse demen Madi si wi ou non lap patisipe nan chanpyona nasyonal natasyon ki gen pou dewoule nan Brisbane an Ostrali mwa pwochen an. Thorpe pat patisipe nan Je Commonwealth yo ki te dewoule mwa Mas pase akoz maladi.

Atletisme

Kourè Japonè Reiko Tosa nan tèt ploton Japonè ki ranpòte maraton feminen Tokyo a devan konpatriòt li Akemi Ozaki ak Naoko Takahashi.

Volleyball

La Frans kale Brezil 3 manch a 1 nan chanpyona du mond Volebòl la kap dewoule nan O Japon. Almay woule la Grès 3 a 0 pandan ke Kuba ranpòte premye viktwa l 3 a 0 devan Ostrali. Nan group C a Etazuni ranpòte premye viktwa l tou apre yo tronse Republik Tchèk 3 a1. Sèvi ak Montenegro woule Tunizi 3 a 0. Rusi van-nen Kanada 3 a 0 pandan ke Kore du Sud fè yon sèl bouche ak Kazakhstan 3 a 1. La Polòy tounen premye seleksyon ki kalifye pou 2 zièm tou a gras ak yon swif 3 a 0 yo pase Ejipt. Japon tronse Porto Riko 3 a 1.Arjantin te fè anpil efò avan li kale la Chin 3 a 2. 4 premye nan chak group yo ap kalifye pou 2 zièm tou a.

XS
SM
MD
LG