Football
Klub football ameriken New Redbulls aksepte pou 3 footbalè klub la pami yo 2 dorijin ayisyen vizite Ayiti soti 30 Novanm pou rive 6 Desanm dapre nouvèl ki publiye sou sit Lig football balonwon ameriken an. Jozi Altidor ak Jerrod Laventure prale nan Jakmel nan okazyon festival Film ayisyen an ansanm ak supèstar Wycleff Jean kap bay yon konsè muzikal. 2 ayisyen yo ansanm ak Seth Stammler kap jwe nan New York Redbulls ap gen pou vizite Potoprens kote yap òganize plizyè seyans dantrenman pou yon seri de jè n- Footbalè yo ap gen pou distribye ekipman spòtif bay jè n sa yo avan yo retounen Ozetazuni.
Sèb Bora Milutinovic, sèl antrenè ki antrene 5 peyi nan yon koup du mond, siyen yon kontra 1 milyon dola pou 4 tran pou l antrene seleksyon Jamayik la, dapre anons federasyon-an fè. Anons la fèt menm jou Jamayik fè yon match nul 1 a 1 ak Perou nan Kingston. Se plizyè manb sektè prive a kap kotize pou peye salè Milutinovic ki ranplase Carl Brown nan tèt Reggae Boyz yo. Milutinovic antrene Meksik an 1986, Kosta Rika an 1990, Etazuni an 1994, Nijerya an 1998 epi la Chin an 2002. Tout seleksyon yo te kalifye pou 2 zièm tou koup du mond eksepte la Chin. Dènye pòs antrenè Milutinovic te okipe se seleksyon nasyonal Honduras la ki pat kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la.
Antrenè seleksyon Nasyonal Panama a Brezilyen Alexander Guimaraes, ki kòmanse djòb la yè Mèkredi a, kwè gen posibilite pou seleksyon an kalifye pou faz final koup du mond FIFA ki gen pou dewoule an Afrik du Sud an 2010. Nap raple Guimaraes te ede Kosta Rika kalifye pou koup du mond la an 2002 e an 2006. Guimares fè konnen yon antrenè pa kapab ranpòte yon match football-se wòl jwè yo. Msye mande supò non sèlman jwè yo men tou pèsonèl teknik la. Panama poko janm kalifye pou yon faz final koup du mond depi 76 zan istwa peyi a.
Federasyon Football Almay di li dakò pou l peye yon amand 16 mil dola pou la troublay fanatik yo te kreye pandan yon rankont kont Slovaki men li prale an apèl ak demand pou dedomaje federasyon football Slovaki a. Almay te woule Slovaki 4 a 1 nan Bratislava nan okazyon match kalifikatif koup dErop dè nasyon an. La polis te arete 5 machan dezagreman Alman ki te atake fòs sekurite yo pandan 2 zièm mitan an. 42 lòt fanatik alman te jwenn arestasyon yo an deyò stad la apre rankont la. Federasyon football Alman an di fòs sekurite Slovak yo pat pran mezu sekurite ase pou pwoteje pwopriete epi enpoze restriksyon sou kantite tikè yo tap vann fanatik alman yo.
Tennis
Arjanten David Nalbadian te bezwen 2 manch, 6-2, 7-6 pou l kale ameriken Andy Roddick nan tounwa tenis dè Mèt kap dewoule nan Shangai an Chin. Nalbadian kapab kalifye pou semi final la akondisyon numewo 1 mondyal la Swis Roger Federer kale Kwat Ivan Ljubicic. Federer deja kalifye pou semi final la. Ljubicic bezwen yon viktwa pou l kalifye pou semi final la. Yè Mèkredi a ameriken James Blake kalifye pou semi final la. Lòt plas kapab disponib swa pou Rafael Nadal ou byen Rus Nikolay Davydenko.