Accessibility links

Breaking News

La Rusi kale Brezil pou l Ranpòte Koup du Mond Volebòl la


Volleyball

La Rusi kale Brezil 3 set a 2 pou l ranpòte chanpyona du mond Volebòl feminen ki tap dewoule o Japon. Sèbi kale Itali 3 set a 0 pou l konsole l ak meday de bronz la.

Basketball

Lebron James make 32 pwen pou ede Cleveland Cavaliers tronse Portland Trail Blazers yon viktwa 100 a 87. Sa fè Cavaliers yo 4 trièm viktwa afile yo ranpòte pandan Portland subi 3 zièm defèt afile. New Jersey Nets, Charlotte, New York Knicks, Orlando Majik, Boston Celtics, New Orleans, Sakramento ak Philadelphia yo tout ranpòte la viktwa.

Football

La Rusi kale Masedwa n 2 a 0 nan match eliminatwa koup dEròp dè Nasyon 2008 la nan group E a. Nan Tel Aviv Kwat Eduardo da Silva make 3 gòl nan viktwa 4 a 3 seleksyon an ranpòte devan Izrayel toujou nan group E a. Nan group A a Findland ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Armeni nan Helsinki. Almay fè match nul 1 a 1 ak Chipr.

Defansè seleksyon Polonè a Jacek Bak denonse sa l konsidere tantativ ki tap fèt pou l te vann rankont seleksyon an e pèmèt Beljik ranpòte la viktwa nan okazyon match kalifikatif koup dEròp dè nasyon yè Mèkredi a--rankont ke Polonè yo ranpòte 1 a 0. Bak di li te resevwa yon kout fil ki ki mande l pou l komèt yon fot nan kare reparasyon an an retou li tap resevwa plis pase 12 mil dola. Unyon Football Eropeyen an kapab louvri yon ankèt-- la Beljik kapab ekspulse nan faz eliminatwa a si se verite. Jacek Bak kapab resevwa yon suspansyon avi si ankèt la ta revele li bay manti.

Yè Mèkredi a te gen 17 match amikal entènasyonal la. Brezil ranpòte yon viktwa tou mens devan la Swis ke li kale 2 a 1. La Frans kale la Grès 1 a 0 gras ak yon gòl Thierry Henry ki make 39 vièm gòl li pandan 91 match li jwe nan seleksyon an. Turki fè match nul 1 a 1 ak Itali. Otrich wouze Trinidad and Tobago 4 a 1. Maròk danse sou Gabon 6 a 0. Kanada tonbe devan Ongri 1 a 0. Kot Divwar kale la Swèd 1 a 0. Jòrji kale Urugwe 2 a 0. Angletè fè match 1 a 1 ak la Oland nan Amsterdam--yon move tès pou Marko Van Basten ki gen yon palmarès 20 viktwa-9 nul ak 2 defèt depi li te rive nan tèt seleksyon Olandè a an été 2004. Otorite yo arete plis pase 50 fanatik Olandè ki sanble tap pare pou fè dezòd. Otorite yo libere 30 pami fanatik yo te arete yo.

Seleksyon Nasyonal maskulen ameriken an ap jwe premye match entènasyonal li pou la premyè fwa depi li te elimine nan premye tou koup du mond la. Etazuni ap rankontre ak Danmak 20 Janvye nan Kalifòni-yon rankont ki kapab debu nouvo antrenè seleksyon an. Nouvèl kap sikile nan federasyon football ameriken an fè konnen ansyen antrenè alman Jurgen Klinsmann nan tèt lis kandida kap ranplase Bruce Arena. Etazuni ap konsidere posibilite pou l jwe yon lòt match amikal kont Meksik 7 Fevriye nan Phoenix Arizona. Rankont sa yo ap antre nan kad preparatif ameriken yo ap fè pou koup dò KONKAKAF la kap kòmanse 6 pou fini 24 Jwen. Etazuni deja aksepte envitasyon pou l al patisipe nan Kopa Amerika a soti 26 Jwen pou 15 Juyè o Venezuela.

Olympic

Kore du Nò ap chache fòme yon ekip unifye 2 Kore yo nan okazyon je zolenpik Peken 2008 yo. An plis de je zolenpik yo, Kore du Nò pwopoze pou 2 atlèt yo mache ansanm pandan ouvètu ak klotu seremoni je Azyatik yo kap dewoule nan Doha, Katar. Atlèt 2 peyi yo deja mache ansanm nan seremoni douvètu je zolenpik 2000 ak 2004 yo epi je Azyatik yo an 2002 men yo patisipe nan konpetisyon separeman.

PARIS-DAKAR

Òganizatè 29 vièm edisyon Pari / Dakar la ap kòmanse soti 6 pou rive 21 Janvye 2007. Òganizatè yo fè konnen konpetisyon an ap demare nan vil Lisbò n pou l rive nan vil Dakar o Senegal apre li finn kouvri 8696 kilomèt apre 14 etap. Apre 2 etap nan Portugal, patisipan yo ap pran bato pou ale O Maròk answit Mauritani, Mali avan yo rive nan Senegal.

Tennis

Arjanten David Nalbadian te bezwen 2 manch, 6-2, 7-6 pou l kale ameriken Andy Roddick nan tounwa tenis dè Mèt kap dewoule nan Shangai an Chin. Nalbadian kapab kalifye pou semi final la akondisyon numewo 1 mondyal la Swis Roger Federer kale Kwat Ivan Ljubicic. Federer deja kalifye pou semi final la. Ljubicic bezwen yon viktwa pou l kalifye pou semi final la. Yè Mèkredi a ameriken James Blake kalifye pou semi final la. Lòt plas kapab disponib swa pou Rafael Nadal ou byen Rus Nikolay Davydenko.

XS
SM
MD
LG