Accessibility links

Breaking News

Kuba ak Matinik Kalifye pou Faz Final Koup Digicel la, Ayiti ap Tann


Ayiti fè match nul 1 a 1 ak Surinam pou l konsève chans pou l jwe yon match de baraj pou faz final koup Digicel la nan Trinidad--Kuba ak Martinik kalifye pou faz final la. Ayiti dwe tann rezulta match 2 lòt group yo pou l konnen si wi ou non lap kalifye kòm meyè 3 zièm.

Lejand football alman an Franz Beckenbauer anonse li pap kandida ni pou pòs prezidan FIFA ni pou pòs UEFA a dapre deklarasyon li fè jodi a nan la près. Beckenbauer souhaite ke aktuèl prezidan UEFA a Swedwa Lennart Johansson pase yon lòt mande nan tèt òganizasyon football Eropeyen an avan li pase kòn nan bay franse Michel Platini. Beckenbauer pa kache entansyonn pou l al dèyè yon pòs kòm manb komite ekzekutif FIFA kòm reprezantan football Eropeyen an.

Houston Dinamo ranpòte chanpyona nasyonal football balonwon premye divizyon ameriken an apre viktwa 4 a 3 yo ranpòte devan New England Revolution apre skò a te fini 1 a 1 malgre pwolongasyon. Taylor Twellman te louvri skò a pou New England Revolution nan 113 zièm minit rankont la-Brian Ching egalize pou Houston Dinamo tout-d-swit apre aloske jwè New England Revolution yo tap selebre. Sa fè ekip New England la 3 zièm final yo patisipe.

Atakan arjanten Lionel Messi ap absan pou 3 mwa apre zòbòy li pran nan viktwa 3 a 1 FC Barselòn ranpòte devan Saragos yè Dimanch la. Brezilyen Edmilson ap absan pou 10 jou. Blesu sa yo rive apre Barselòn pran tèt klasman jeneral la devan FC Seville. Olandè Van Nistelrooy make 4 gòl nan swif 4 a 1 Reyal Madrid pase Osasuna nan 10 ziè,m jounen chanpyona espayòl la. Yon lòt kote 7 footballè Angle ki fè pati seleksyon mwen de 21 an an pap patisipe nan match amikal Angletè gen pou jwe kont la Oland Mèkredi kap vini la a. Toujou an Angletè Manchester United ogmante distans li ak 3 pwen apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Blackburns.

An Frans 6 fanatik Pari Sen Jermen ap juje apre midi a apre yo te agrese yon Senegalèz nan nwit Samdi pou rive Dimanch. Si la justis jwen mesye yo koupab yo kapab pase 5 kan prizon epi peye yon amand plis pase 75 mil dola. Pa gen oken chanjman nan klasman jeneral chanpyona football Italyen an apre Inter de Milan kale Parme 2 a 1 epi Palerme woule Torino 3 a 0 nan okazyon 11 zièm jounen chanpyona Seri A a. An Almay Stuttgart pran tèt klasman jeneral la gras ak viktwa 2 a 1 li ranpòte an deplasman lakay Hanovre yè Dimanch la. Werder de Brem fè bèk atè devan Dortmund 3 a 1 pandan ke Bayern de Munick kale Leverkussen 3 a 2.

Brezil ranpòte chanpyona du mond football de plaj ki tap dewoule nan Rio de Janeiro, o Brezil gras ak yon swif 4 a 1 yo pase Urugwe yè Dimanch la.Indianapolis Colt pase akote yon defèt gras ak yon viktwa de justès li ranpòte devan Buffalo Bills 17 a 16 pou l konsève rekò l ak 9 viktwa 0 defèt. Baltimore Ravens remonte yon defisi 19 pwen pou l kale Tennessee Titans 27 a 26. Chikago Bears remonte yon defisi pou l kale New York Giants 38 a 20. Washington Redskins tonbe devan Philadelphia Eagles 27 a 3. Aswè a Carolina Panthers ap akeyi Tampa Bay Buccaneers.

Basketball

Houston Rockets anbarase pye chanpyon an tit NBA a Miami Heat gras ak yon rakle yo pase l 94 a 72. Washington Wizards pèdu an pwolongasyon devan New Jersey Nets 105 a 93. Dallas Mavericks te fè anpil efò avan li kale Portland Trail Blazers 103 a 96. Kobe Bryant make 21 pwen pou ede Los Anjeles Lakers woule Memphis Grizzlies 91 a 81. Los Anjeles Clippers kale New Orleans Hornets 92 a 76 san bliye Denver Nuggets pase sou Charlotte Bobcats 108 a 101. Sakramento Kings danse sou Toronto Raptors 107 a 92.

Tennis

Justin Henin-Hardenne ranpòte tit tounwa tenis feminen ki tap dewoule nan vil Madrid an Espay. Henin-Hardenne pase franse Amelie Mauresmo 2 rakèt 6-4, 6-3. Hardenne se numewo 1 mondyal feminen an. Rus Maria Sharapova klase 2 zièm devan Amelie Mauresmo, Svetlatna Kuznetsova ak Kim Klijsters. Pa gen oken ameriken pami 20 premye jwè tenis mondyal kategori feminen an. Bò kote mesye yo Swis Roger Federer toujou nan tèt klasman jeneral la devan espayòl Rafael Nadal Rus Nikolai Davydenko, Kwat Ivan Ljubicic ak ameriken Andy Roddick..

Ameriken James Blake ranpòte premye viktwa l nan tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Shangai gras ak 2 kout rakèt li pase numewo 2 mondyal la espayòl Rafael Nadal 6-4, 7-6 nan group dò a. Ameriken Andy Roddick kale Kwat Ivan Lujbicic 6-4, 6-7, 6-1 yè Dimanch la nan group wouj la pou l al rankontre ak Swis Roger Federer demen Madi a.

Atletisme

Federasyon Atletisme Entènasyonal la non-men kourè Jamayiken Asafa Powell ak ameriken Sanya Richards kòm meyè atlèt pou ane a. Yo chak ap resevwa 100 mil dola.

XS
SM
MD
LG