Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Jwe Denye Kat li nan Koup Digicel la


Football

Ayiti ap pare pou l rankontre ak Martinik jodi a apre li tonbe 2 a 1 fas a Kuba nan 2 zièm tou eliminatwa Koup Digicel la kap dewoule nan Martinik. Antrenè seleksyon Ayiti Carlo Marcelin rekonèt Ayiti pa kapab kilbite pandan lòt rankont yo.

An plis de rankont Ayiti a, Kuba ap rankontre ak Surinam Yon viktwa an favè Martinik ak Kuba ap pèmèt yo kalifye pou faz final la kap dewoule nan Trinidad and Tobago nan kòmansman ane 2007 la. Ayiti sou bò pa l dwe ranpòte la viktwa devan Martinik si l vle konsève chans pou l jwen youn pami 2 plas ki disponib nan group la. Si sa pa fèt yo dwe chache fini 3 zièm ak posibilite pou yo patisipe nan triyangulè repechaj la an Desanm pwochen.

La Frans ap rankontre ak Urugwe pandan ke Brezil fas a Portugal nan semi final chanpyona du mond Football de plaj FIFA kap dewoule nan Rio de Janeiro o Brezil. Semi final la fikse pou demen Samdi a.

Lig football balonwon ameriken an seleksyone football arjanten Christian Gomez kòm pibon pami bon pou ane a. Gomez, kap jwe nan DC United, make 14 gòl pandan sezon an. Isit Ozetazuni New England Revolution ap prepare pou l rankontre ak Houston Dinamo nan final chanpyona nasyonal MLS la. New England Revolution ap fè 3 zièm tantativ li dèyè tit chanpyona. Yo te pèdu an 2 okazyon devan Los Anjeles Galaksi e an 2002 e 2005. New England Revolution rive nan Frisco, Tekzas kote final ap dewoule Dimanch.

Unyon Football Eropeyen an frape Angletè ak Kwasi yon amand pou move konpòtman fanatik yo nan okazyon match kalifikatif Koup dEròp dè nasyon an ki te dewoule nan Zagreb mwa pase a. Federasyon Football Kwat la ap peye yon amand 40 mil dola pandan ke Federasyon football Angle a 8 mil dola. Responsab yo suspann atakan Alman Aaron Hunt pou 2 match entènasyonal apre kòmantè rasist dwat-e-goch li te fè pandan yon match eliminatwa koup dEròp dè Nasyon mwa pase a. Aaron kap jwe nan Werder de Brèm rejte akuzasyon an kòm kwa li te lanse pwopo rasis kont football angle Micah Richards ak Anton Ferdinand-2 nwa kap jwe nan seleksyon Juniò a.

An Itali fanatik football Milan A C yo espere ekip la ap reprann kap li lè lap rankontre ak AS Wòm nan chanpyona football Seri a. Milan AC pèdu 3 nan 4 dènye rankont li jwe.AS Wòm trouve l an 3 zièm pozisyon ak 4 pwen dèyè Inter de Milan ak Palerme pral konte sou liy datak li a.

Dimanch kap vini la a FC Barselòn kapab monte yon maswife lè lap rankontre ak Zaragoza ki ranpòte 3 sou 4 dènye rankont li jwe. Antrenè Barselòn nan Frank Rijkaard pa bay tèt li pwoblèm ak move pèfòmans Barselonè yo renmèt nan diferant konpetisyon.

Toujou an Espay Prezidan Real Madrid la Ramon Calderon anonse ekip la pratikman boukle transfè brezilyen Marcelo kap jwe nan Fluminense. Marcelo, ki gen 18 tan, konsidere kòm nouvo Roberto Carlos. Ronaldo ak David Bekcham make yon gòl yo chak nan viktwa 5 a 1 Real Madrid ranpòte devan DEcija nan 16 zièm de final Koup dEspay la.

Federasyon football Meksik la redui lis kandida pou pòs seleksyon an soti 7 pou mete a 2 antrenè. Hugo Sanchez ak Americo Gallego toujou nan kous la pou ranplase Arjanten Ricardo Lavolpe ki se aktuèl antrenè klub Arjanten Boca Junior.

Tennis

Franse Amelie Mauresmo pap kloture ane a kòm numewo 1 mondyal menm lè li toujou gen posibilite pou l ranpòte tounwa tenis Madrid la. Mauresmo remonte yon defisi pou l kale swis Martina Hingis 3-6, 6-1, 6-4. Viktwa ki pral mete l bab pou bab ak Bèlj Justine Henin-Hardenne ki kale Rus Nadia Petrova 6-4, 6-4. Sa vle di Mauresmo dwe kale Henin-Hardenne pou kalifye pou semi final dènye tounwa tenis pou ane a. Henin kapab toujou kloture ane a kòm numewo 1 mondyal ak Rus Maria Sharapova si l kapab kalifye pou final la.

NBA

Dallas Mavericks ranpòte premye viktwa l nan sezon an gras ak yon swif li pase Phoenix Suns 119 a 112 yè swa.. Cleveland Cavaliers tronse Chikago Bulls 113 a 94. Baron Davis make 36 pwen pou ede Golden State Warriors pilon-nen New Orleans Hornets 121 a 116

XS
SM
MD
LG