Accessibility links

Breaking News

Ayiti Subi yon Defèt nan Koup Digicel la


Football

Ayiti tonbe 2 a 1 fas a Kuba nan kad 2 zièm tou eliminatwa Koup Digicel la kap dewoule nan Martinik. Seleksyon Martinik la ranpòte la viktwa tou devan Surinam. Demen Vandredi a Kuba ap rankontre kont Surinam pandan ke Ayiti pral mate balon kont Martinik. Yon viktwa an favè Martinik ak Kuba ap kalifye yo pou faz final la kap dewoule nan Trinidad and Tobago nan kòmanse ane 2007 la. Ayiti sou bò pa l dwe ranpòte la viktwa devan Martinik si l vle konsève chans pou l jwen youn pami 2 plas ki disponib nan group la. Si sa pa fèt yo dwe chache fini 3 zièm ak posibilite pou yo patisipe nan triyangulè repechaj la an Desanm pwochen. Antrenè seleksyon ayisyen an Carlo Marcelin fè konnen yo pa kapab pèdu 2 pwochen rankont yo si Ayiti vle kalifye pou faz final la nan Trinidad and Tobago.

Lig football balonwon ameriken an otorize Freddy Adu pou l al patisipe nan yon staj dantrenman nan klub Angle Manchester United a pati de 18 Novanm apre li finn jwe match amikal seleksyon nasyonal Juniò ameriken gen pou jwe kont Gwatemala nan Florid.

Isit Ozetazuni New England Revolution ap prepare pou l rankontre ak Houston Dinamo nan final chanpyona nasyonal MLS la. New England Revolution ap fè 3 zièm tantativ li dèyè tit chanpyona. Yo te pèdu an 2 okazyon devan Los Anjeles Galaksi e an 2002 e 2005. New England Revolution ap rive jodi a nan Frisco, Tekzas kote final ap dewoule Dimanch.

Antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech konvoke 24 jwè nan kad match amikal chofe jarèt franse yo gen pou jwe kont la Grès Mèkredi. La Frans kalifye pou semi final chanpyona du mond football de plaj FIFA kap dewoule nan Rio de Janeiro. Franse yo, ki se chanpyon an tit la, kalifye apre viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan Japon. Franse yo ap rankontre Samdi venkè rankont ant Arjantin ak Urugwe. An Itali fanatik football Milan A C yo espere ekip la ap reprann kap li lè lap rankontre ak AS Wòm nan chanpyona football Seri a. Milan AC pèdu 3 nan 4 dènye rankont li jwe.AS Wòm trouve l an 3 zièm pozisyon ak 4 pwen dèyè Inter de Milan ak Palerme pral konte sou liy datak li a. Dimanch kap vini la a FC Barselòn kapab monte yon maswife lè lap rankontre ak Zaragoza ki ranpòte 3 sou 4 dènye rankont li jwe. Antrenè Barselòn nan Frank Rijkaard pa bay tèt li pwoblèm ak move pèfòmans Barselonè yo renmèt nan diferant konpetisyon.

Klub Sud Koreyen Chonbuk Motors ranpòte chanpyona Lig dè chanpyon Azyatik la apre 2 a 1 yo ranpòte cevan klub Siryen Al Karama.

Volebòl

Brazil kale la Chin 3 a 2 pou l rapousib dèyè tit chanpyona du mond volebòl eminen kap dewoule nan Osaka o Japon. La Rusi ki pataje menm pwen ak Brezil kale la Oland 3 set a 0 nan group F la. Nan menm group la Almay kale Porto Riko 3 set a 0 pandan Etazuni tonbe devan Azerbaijan an 5 manch. Ameriken yo klase 4 trièm nan group la. Nan group E a Kuba kale Taiwan 3 manch a 0. Sèbi e Montenegro woule la Polòy sou menm skò a pandan ke Japon finn pa gen rezon sou Turki ke li kale 3 manch a 1. Itali supran Kore du Sud 3 a 0 . 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou semi final la.

Basketball

Washington Wizards pilon-nen Indiana Pacers 117 a 91. Toronto Raptors ranpöte yon viktwa de justès devan Philadelphia 76ers 106 a 104. Menm situasyon an pou Orlando Majik ki kale Seattle Supersonics 88 a 87. Boston Celtics trouve l nan menm situasyon an ak yon viktwa 110 a 108 devan Chikago. Dallas tonbe devan Los Anjeles Clippers 103 a 85. Sa fè Mavericks yo 4 trièm defèt afile yo subi nan sezon an. Lakers tonbe dean Portland 101 a 90.

Lakay Univèsitè yo, Univèsite Maryland danse sou Vermont 81 a 63 pou l kalifye pou semi final Collegue Hoops Classic la.

Cyclisme

Siklis Italyen Yvan Basso siyen yon kontra 2 zan pou l kouri nan ekip Discovery Channel la 2 semen apre yo efase akuzasyon dopaj ki tap peze sou do l.

XS
SM
MD
LG