Accessibility links

Breaking News

Daniel Ortega Prezidan Nan Eleksyon Prezidansyèl Nicaragua a


Ansyen lidè geriya Fwon Sandinis Liberasyon Nasyonal la, Daniel Ortega Saavedra, ki te kapote diktati Anastasio Somoza de Baile a an 1979 genyen eleksyon dimanch pase a nan Nicaragua.

Msye Ortega pwomèt pou l' travay pou elimine lamizè e ankouraje envestisman prive nan peyi li. Otorite elektoral yo di, apre yo finn konte 91 pousan vòt yo, Daniel Ortega, ranpòte 38 pousan vwa, e kandida ki fini pi pre l' la, Eduardo Montealgre, rekòlte 29 pou san.

M'sye Montealegre aksepte ke’l pèdi eleksyon an. Konstitisyon Nicaragua a ekzije se pou yon kandida rekòlte omwens 35 pou san vwa yo avèk omwens 5 pwen an plis konkiran ki fini pi pre li a, pou l' evite yon dezyèm tou. Daniel Ortega ki te rive o pouvwa apre triyònf revolisyon sandinis la, te pèdi pouvwa a nan eleksyon 1990 yo. Lidè sandinis la, apre sa, te fè 3 tantativ pou’l retounen sou fotèy prezidansyèl la, e l' finalman reyisi dimanch pase. Nan deklarasyon li fè madi pase, prezidan elu Nicaragua a di: "mwen ankouraje tout gwoup ekonomik ak diferan gwoup sosyal yo fè inite pou yo lite kont lamizè nan peyi a.

Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, voye felisitasyon l' bay msye Ortega. Prezidan kiben an, Fidel Castro, kap repran kò l' apre operasyon nan vant li te sibi nan mwa jiyè 2006 la, voye yon mesaj felisitasyon tou bay msye Ortega. Men Isit nan Ozetazuni, Mezon Blanch lan fè parèt yon deklarasyon kote li di “apui Lèzetazuni pou nouvo gouvènman nikaragueyen an pral depann de angajman Nicaragua vizavi demokrasi”.

XS
SM
MD
LG