Accessibility links

Breaking News

Ayiti kont Kuba nan Koup Digicel la


Football

Nan La Matinik, seleksyon ayisyèn-nan pral jwe kont Kuba nan okazyon 2e tou Koup Dijicel-la. Carlo Marcelin, antrenè seleksyon Ayiti-a , di ti mesye-yo pare byen ke li presize ke yo pa prepare jan yo te vle-a . Carlo Marcelin, antrenè seleksyon Ayiti-a di rankont aswè-a reprezante yon gwo defi pou Ayiti. Lòt match pou nou siyale nan kad 2e tou sa-a se Martinik , lakay-li kap rankontre ak Surinam.

Apre match ki jwe nan okazyon 11e jounen Bopundechliga-an , chanpyona premyè divizyon almand-la , Werder de Brem pran tèt klasman jeneral apre viktwa 2 a 1 li ranpòte yè swa devan Nuremberg. Nan lòt rankont , Stoutgart kale Hambourd 2-0; 0-0 ant Dortmound e TSV Alemania; Volfsbourg kale Mayence 2-1. Jodi a , toujou nan kad 11e jounen-an , Bayern de Munick ap rankontre Hanovre ki nan ke kamyonèt la nan klasman jeneral la.

Foutbòl sou plaj O Brezil : La Frans kale Iran 6 a 3 pou l kalifye pou kar de final kote lap rankontre ak Japon mondyal footbal sou plaj sa-a kap dewoule nan Rio de Janeiro.

An Angletè Manchester United elimine nan koup Angle a. FC Dallas, ki ranpòte 16 viktwa--subi 12 defèt epi 4 nul--ap chache yon nouvo antrenè apre Kolorado Rapids elimine yo nan faz final la. Responsab yo revoke antrenè Colin Clarke ak yon palmarès 41 viktwa 31 defèt-20 nul.

Tennis

Yè nan ouvètu tounwa dè mèt Madrid-la. Numewo 1 mondyla-la, t e chanpyon an tit fransèz Amelie Mauresmo tonbe an 2 sèt : 6-2, 6-2 devan rus rus Nadia Petrova. Nan 2e match pou jounen-an nan Gwoup Wouj-la, rus Maria Sharapova elimine konpatriyòt-li Elena Dementieva an 2 sèt : 6-1, 6-4 . Nan gwoup jon-nan ankò bèlj justinn Henen Hardenne kele suisès Martina Hengis : 2 sèt a 1 : 6-2, 6-7, 6-1. Konpetisyon-an ap kontinue jodi-a ak afich sa-yo : Nan Gwoup Wouj-la , Rus Svetlana Kuznetsova deja ap jwe konnye-a-la-a kont konpatriyòt-li Elena Dementieva . Pita , Toujou nan gwoup wouj-la rus Maria Sharapova ( ki fait figure de favori) ap rankontre ak bèlj Kim Clijsters. Epi nan gwoup jon-nan se rankont 2 pèdan: rus Nadia Petrova ak susisès Martina Hingis .

Basketball

Atlanta Hawks wouze Cleveland Cavaliers 104 a 95. Philadelphia 76ers tonbe devan Indiana 97 a 86. Miami Heat te fè anpil efò avan li kale Seattle Supersonics 90 a 87. Menm situasyon an pou Houston Rockets ki kale Memphis Grizzlies 86 a 80. Golden States Warriors ranpòte yon viktwa tou mens devan New Orleans Hornets 97 a 93. Minnesota p èdu devan Los Anjeles Clippers 95 a 88.

Phoenix Suns siyen yon kontra ak Jalen Rose ak espwa li pral ranfòse liy datak ekip la. Semen pase a New York Knicks te peye Jalen Rose 14 milyon 500 mil dola sou prèske 17 milyon dola kontra yo te siyen ak li epi libere l.

XS
SM
MD
LG