Accessibility links

Breaking News

Daniel Ortega Pare Pou Li Retounen sou Pouvwa a Nan Nikaragwa


Responsab elektoral yo nan Nicaragua fè konnen yo fin konte prèske 2 tyè nan bilten vòt yo (apre eleksyon dimanch la), e ansyen prezidan Daniel Ortega ap mennen ak prèske 39 pousan. Dèyè li nou jwenn yon diplome Harvard University, bankye Eduardo Montealegre. Yon gwoup dwa sivik trè respekte (ki rele Etik ak Transparans) deklare kalkil statistik li yo konfime viktwa Ortega tou. Sepandan, kandida ki an twazyèm pozisyon an, José Rizo, rejte done sa yo.

27 an apre triyonf revolusyon Sandinis la te pote Daniel Ortega Saavedra sou pouvwa a nan Managua, sanble li pral retounen dirije peyi santwo-ameriken an. Pandan kanpay la, msye Ortega te fè konprann li abandone politik maksis li te pratike nan ane 80 yo, e li pwomèt lapè ak rekonsilyasyon. Sepandan, ekspè yo siyale ke pwomès sa a pa ba l' plis vwa pou sa, konpare ak lòt eleksyon pase yo. Dapre pwofesè Alejandro Serrano Caldera, sa ki ede lidè sandinis la se divizyon sektè konsèvatè a ki parèt ak 2 kandida olye de youn. Li kwè si msye pa ranpòte plis ke 40 pousan vwa, l'ap difisil pou li deklare li se yon prezidan lejitim. Konsa li ta oblije fè kowalisyon ak pati opozisyon yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG