Accessibility links

Breaking News

Sendika Footballè Pwofesyonèl yo Elu Ronaldinho  pou yon 2 zièm Ane Afile


Football

Pou yon 2 zièm ane afile Asosyasyon Entènasyonal Footballè Pwofesyonèl yo nonmen footbalè brezilyen Ronaldhino kòm meyè footballè mondyal pou ane a apre li te ede Barselòn ranpòte Lig dè Chanpyon Eropeyen an. An plis de Ronaldhino Footbalè Camerounè Samuel Eto’o resevwa pri Merit la pou angajman li pran pou kontinan Afriken an devlopman football san bliye pozisyon li genyen fas ak rasism. Barselòn resevwa pri pou la Pè apre desizyon yo pran pou sèvi ak logo UNICEF sou mayo jwè yo.

Balon ki te utilize pandan final koup du mond ant Itali ak la Frans, vann pou anviwon 2 milyon 400 mil dola nan yon vant ozanchè. Yon emir Katar Sheikh Mohamed bin Hamad al-Thani achete balon an Dimanch sou yon sit entènèt. Emir la ki di li se yon fanatik football Italyen, di lap renmèt balon an bay yon akademi spòtif nan okazyon je Azyatik yo ki gen pou dewoule nan Doha Katar an Desanm pwochen.

Prezidan klub football ameriken Los Anjeles Galaksi Alexis Lalas fè klub la ta enterese nan achete sèvis footbalè Britanik David Beckham ki gen kèk tan depi li chita sou ban nan klub espayòl Real Madrid. Lalas di gen plizyè klub ki deja manifeste enterè yo e pou ki pa Los Anjeles Galaksi. Nan kòmansman ane a Beckham te fè konnen li ta renmen mete fen nan karyèl isit Ozetazuni.

Franse Zinedine Zidane te fè kè plizyè milye fanatik football kontan nan Bangladesh apre li patisipe nan yon match enprovize nan yon vilaj peyi a.

Portugal, Baheren ak Urugwe kalifye pou kar de final chanpyona du mond de plaj kap dewoule nan Rio de Janeiro o Brezil. Seattle Seahawks kale Oakland Raidersn 16 a 0 nan kad football zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa.

NBA

WAshington Wizards tonbe devan Orlando Majik 106 a 103. San Antonio Spurs woule New York Knicks 105 a 93. Chikago Bulls danse sou Milwaukee Bucks 110 a 85. Golden State Warriors te fèn anpil efò avan likale Dallas Mavericks 107 a 104. Utah Jazz ranpòte yon viktwa de justès devan Detroit Pistons 103 a 101. Sakramento Kings woule Minnesota 93 a 81 epi Los anjeles Clippers wouze Portland Traiblazers 102 a 89.

XS
SM
MD
LG