Accessibility links

Breaking News

New England Revolution kont Houston Dynamo nan Final MLS la


Football

New England Revolution kalifye pou final chanpyona nasyonal football ameriken apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan DC United yè Dimanch la isit Washington. Steve Nicol se antrenè New England Rolution :"Nou gen konfyans nou kapab defann tèt nou trè byen--nou pase tout sezon an ap defann nou--donk jodi a se te yon moman kote nou te defann tèt nou." Revolution pral rankontre ak Houston Dinamo ki tronse Kolorado Rapids 3 a 1. Final la fikse pou Dimanch nan Frisco, Tekzas. Sa fè New England Revolution 3 zièm final lap patisipe. Yo pèdu 2 final fas a Los Anjeles Galaksi an 2002 e 2005.

Antrenè Manchester United Alex Fergusson selebre jodi a 20 tan depi li nan tèt ekip la. Fergusson ede Manchester ranpòte 19 trofe pami 8 tit chanpyon dAngletè, 5 koup ak yon lig dè chanpyon Eropeyen. Aktuèlman Arsenal nan tèt chanpyona premyè divizyon Angle a ak 3 pwen devan Chelsea et 10 pwen devan Arsenal.

La polis an Itali anonse nèg ame fouye byen fouye ansyen gadyen seleksyon nasyonal Italyen an Dino Zoff. Nèg ame yo ale ak plis pase 750 dola Dino Zoff te gen nan pòch li, 2 mont ak 2 telefòn pòtab.

Weekend nan pat bon pou yon seri de gran tenò football Eropeyen an. Klub franse Lyon subi premye defèt li nan chanpyona premye divizyon franse apre defèt 1 a 0 yo subi devan Rennes nan okazyon 12 zièm jounen chanpyona a. Manchester United selebre 20 anivèsè depi Alex Fergusson te pran tèt ekip la gras ak yonm swif 3 a 0 yo pase Portsmouth. Chelsea subi 2 zièm defèt li nan chanpyona a apre yo tonbe 2 a 1 devan Tottenham. Menm situasyon nou jwen pou Arsenal ki pèdu 1 a 0 devan West Ham nan okazyon 11 zièm jounen chanpyona Angle a.

An Espay F C Barselòn pèdu tèt klasman jeneral la apre match nul 1 a 1 yo fè ak Deportivo la Coròy 1 a 1 nan okazyon 9 vièm jounen chanpyona a. FC Seville ap fè kavalye sèl apre rakle 2 a 0 yo pase Osasuna. Real rate chans pa l apre yo tonbe devan Celta Vigo nan Stad Santiago Bernabeu a.

An Itali Inter de Milan ak Palerme kontinye pataje premye plas seri a gras ak viktwa yo ranpòte a domisil. Inter de Milan kale Ascoli 2 a 0 pandan ke Palerme te geri bosko l sou Sampdoria de Jè n 2 a 0 nan okazyon 10 zièm jounen an. Atalanta de Bergamo suprann Milan AC 2 a 0. An Almay Werrder de Brèm fè match nul 1 a 1 ak Cottbus epi Bayern de Munick fè match nul 2 a 2 ak Shalke 04.

La Frans woule Kanada 8 a 1 nan chanpyona du mond footbal de plaj FIFA kap dewoule nan Rio de Janeiro O Brezil. Espay woule Iran 6 a 1. Brezil krabinen Japon 10 a 2. Etazuni kale Poloỳ 4 a 2. Jodi a Baren ap rankontre ak Nijerya, Itali pral fè fas ak Arjantin nan group D a. Cameroun pral tope kòn li kont Urugwe epi Zile Salomon yo rankontre ak Pòtugal nan group C a.

A swè a Oakland Raiders pral dèyè yon 3 zièm viktwa afile lè yap akeyi Seattle Seahawks nan kad match footbal zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa pandan sezon an

Yè swa Indianapolis Colt rete sèl ekip nan chanpyona football zèpòl kare ki poko subi oken defèt gras ak yon swif yo pase New England Patriots 27 a 20 pou mete ak yon palmarès 8 viktwa 0 defèt. Chikago Bears tonbe devan Miami Dolphins 31 a 13. Washington Redskins te fè anpil efòl avan li kale archirival li Dallas Cowboys 22 a 19.

Basketball

New Orleans Hornets ranpòte premye viktwa a domisil depi ouragan Katrina te frape vil la sa gen plis pase yon lane. Hornets kale Houston Rockets 96 a 90. Allen Iverson make 31 pwen epi fè 13 pas ki make pwen nan viktwa supriz 7ers yo ranpòte devan Miami Heat 107 a 98. Seattle Supersoniccs woule Los Anjeles Lakers 117 a 101. Atlanta Hawks pat gen twòp difikilte pou l kale Orlando Majik 95 a 82. San Antonio Spurs danse sou Toronto Raptors 103 a 94.

Tennis

Franse Marion Bartoli te bezwen 2 manch 6-0, 6-0 fas a Rus Olga Poutchkova epi ranpòte tounwa tenis Quebek la. Rus Nikolay Davydenko te bezwen 3 manch 6-1, 6-2, 6-2 pou l kale Slovak Dominik Hrbaty e ranpòte tounwa tenis Pari a. Viktwa kap pèmèt Nikolay klase 3 zièm mondyal lè klasman an publiye. Bèlj Kim Clijters ranpòte tounwa tenis Gaz de Frans la ki tap dewoule nan Hasselt an Beljik gras ak 3 kout rakèt li pase Estonyèn Kaia Kanepi 6-3, 3-6, 6-4.

Swis Roger Federer toujou an premyè pozisyon devan Espayòl Rafael Nadal. Kwat Ivan Ljubicic klase 4 trièm. Ameriken Andy Roddick, Espayòl Tommy Robredo, Arjantinen David Nalbadian, ameriken James Blake. Kwat Mario Ancic ak chilyen Fernando Gonzales konplete lis 10 meyè jwè tenis mondyal maskulen. Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo,Rus Maria Sharapova, Bèlj Justine Henin Hardenne, Rus Svetlana Kuznetsova, Nadia Petrova, bèlj Kim Clijsters, Swis Martina Hingis, Rus Elena Dementieva, Swis Patty Schnyder ak Tchèk Nicole Vaidisova konplete lis 10 meyè jwè tenis mondyal feminen.

Atletisme

Kourè Brezilyen Marilson Gomes dos Santos ranpòte maraton New York la devan Kenyan Stephen Kiogora pou l tounen premye Sud Ameriken ki ranpòte konpetisyon an. Bò kote meda m yo chanpyon sòtan an Jelena Prokopcuka ranpòte kous la dean Ukrenyen Tatiana Hladyr ak Kenyan Catherine Ndereba. Nan kategori chèz woulant yo se Ostralyen Kurt Fearnley ki ranpòte l. Ameriken Amanda McCrory ranpòte kategori feminen an. Ameriken Lance Armstrong ki te ranpòte kous bisiklèt la 7 fwa afile, fini kous la 2 zhè 59 minit-36 sekond-mwens ke 3 zh] de tan objektif li te fikse. Armstrong fini an 870 zièm nan klasman jeneral la.

Kourè Kenyan Henry Tarus ranpòte maraton Klasik Atèn nan devan konpatriòt li Lomolo Lopio Paul ak Etyopyen Habtamu Bekele. Japonè Ogushi Chikako tounen premye fanm ki fini konpetisyon an 2 zhè 40 minit 45 sekond devan 2 lòt Etyopyen. Anviwon 3 mil kourè, ki te soti nan 66 peyi, patisipe nan konpetisyon an ki te kòmanse an 490 B.C. Nan epòk la konpetisyon an te anonse viktwa Lame Atenyen an devan fòs envazyon Pès. Konpetisyon an te rekòmanse an 1896 nan je zolenpik modè n yo.

Volleyball

La Oland se dènye peyi ki kalifye pou 2 ziém tou chanpyona du mond Volebòl feminen kap dewoule O Japon apre viktwa yo 3 set a 2 yo ranpòte devan Kazakhstan. 4 meyè group A, D--Itali, Sèbi-Montenegro, Kuba ak Turki ap jwe kont Japon, Taiwan, Polòy ak Kore du Sud pral jwe antre yo nan Nagoya nan E a. 4 lòt peyi ap figure nan group F la nan Osaka ap gen reprezantan group B a ak C a tankou Etazuni, Brezil, Porto Riko, La Oland, la Chin, la Rusi, Almay ak Azerbaijan. 2 zièm tou a ap kòmanse 8 Novanm. 2 meyè nan chak group( E ak F) ap kalifye pou semi final la.

Cyclisme

Siklis Britanik David Millar ak 9 lòt ap juje devan yon tribunal nan vil franse Nanterre pou swa dizan patisipasyon yo nan skandal dopaj an 2004. Jujman an kapab dure yon semen. Si la justis jwen yo koupab-yo kapab kondane pou pase 5 kan prizon yo chak epi yon amand plis pase 95 mil dola. Millar te deja resevwa yon suspansyon 2 zan epi pèdu tit li te ranpòte an 2003 apre li te rekonèt li te sèvi ak substans EPO (Cofidis) pou te ogmante homòn nan san yo.

Olenpik/ Peken 2008

Yon group jounalis Azi Pasifik pleyen kont Komite Olenpik Entènasyonal konsènan desizyon yo pran pou reyalize final konpetisyon natasyon Peken 2008 la nan maten. Jounalis yo akuze Komite Olenpik yo pliye anba presyon chèn televizyon ameriken NBC ki gen dwa retransmisyon je yo. NBC, ki peye anviwon 3 milya edmi dola pou dwa retransmisyon je zolenpik Peken 2008 yo, vle pou final la koensidere ak hè de pwent isit Ozetazuni. Mwatye nan revnu komite olenpik soti isit Ozetazuni. Prezidan sendika jounalis Azi Pasifik la Genichi Hashimoto di desizyon an ap anpeche publik Azyatik la wè final yo nan hè de pwent e li pral koute radyodiffuzyon Azyatik yo plizyè milyon dola publisite. Sendika Radyodifuzyon Eropeyen yo pwoteste tou kont desizyon an- Eropeyen yo fè konnen final yo pral dewoule nan mitan nan nwit sou kontinan an.

XS
SM
MD
LG