Accessibility links

Breaking News

Pati Demokrat La Sanble l' Sou Wout Ranpòte Kèk Viktwa Nan Eleksyon Lejislatif Madi 7 Novanm nan


Apre plizyè lane lwen pouvwa a, e nan moman preske tout nasyon an ap reklame yon chanjman apre 4 tran lagè nan Irak, demokrat yo sanble yo nan pozisyon pou yo repran kontwòl chanm depite a e petèt menm kontwòl sena a nan eleksyon madi 7 novanm nan. Demokrat yo sou wout tou pou yo ranplase gouvènè repibliken nan kèk eta tankou New York, Ohio ak Massachusetts. Syèj gouvènè repibliken Californie a, Arnold Schwarzenegger, sanble l' an sekirite e gouvènè a an pozisyon pou l' ranpòte premye manda konplè li nan eta pi peple nan federasyon ameriken an.

Sizan (6 ans) apre prezidan Bush te rive sou pouvwa a e pandan sondaj opinyon yo montre popilarite li pa depase 40 pou san, tout 435 syèj chanm depite a, plis 33 sou 100 ki gen nan sena a an konpetisyon, san bliye 36 pòs gouvenè. Elektè nan 37 Eta pral deside tou sou plizyè pwopozisyon ki sou bilten vòt yo, tankou ogmantasyon salè minimòm nan, entediksyon maryaj ant gason ak gason e ant fanm ak fanm, pou ou kont rechèch sou selul souch yo (nan Dakota Du Sud) ou enpoze plis restriksyon sou avòtman.

Espesyalis yo di eleksyon sa a se eleksyon pi chè ki janm dewoule Ozetazini. Yo estime kanpay elektoral ap koute 2 milya 600 milyon dola--pi fò pou peye spòt piblisite sou chèn televizyon komèsyal yo. Repibliken yo konte sou kanpay motivasyon "sòti al vote" yo lanse atravè peyi a e sou kanpay "ann sove majorite a" prezidan Bush fenk demare a pou yo eseye limite pèt yo. Nan mesaj li voye chak samdi pou pep ameriken-an, prezidan George W. Bush deklare jodi a "dènye bagay fanmi ameriken ak ti antreprenè yo ta bezwen kounye a se ogmantasyon taks ya'p peye... e se ekzateman sa nou pral wè si demokrat yo rive kontwole palman an".

Prezidan pwononse pawòl sa a an dirèk, nan Englewood, Eta Colorado, kote l5 tap mennen kanpay pou kandida repibliken yo. Nan eleksyon madi a, demokrat yo ap chèche tire avantay yo wè nan enkyetid ameriken yo sou lagè Irak la ki deja pran lavi 2 mil 800 konpatriyòt sòlda. Douzan (12 ans) apre repibliken yo te rive sou pouvwa nan yon viktwa "total-kapital", estratejis nan 2 pati politik yo, ak ankèt enstiti sondaj prive e publik yo montre fwa sa a demokrat yo sou wout repran kontwòl omwens youn e petèt menm tou 2 chanm Asanble Nasyonal la. Yo bezwen ranpòte 15 syèj pou lidè minorite demokrat-la, Nancy Pilosi, tounen premye fanm nan istwa Lèzetazini ki pral chèf palman an, sètadi, prezidant. Ankèt opinyon yo montre, pou premye fwa depi ane 1990, demokrat yo ap mennen devan rival repibliken yo nan entansyon vòt elektè yo.

Nan fen mwa oktòb la, yon sondaj ASSOCIETED PRESS/AMERICA ON LINE NEWS reyalize montre 56 pou san nan moun ki gen entansyon al lage bilten di yo pral vote pou demokrat...e 37 pou san di yo pral lage bilten pou repibliken. Eka 19 pousantaj pwen sa a se preske doub 10 pwen avans yon lòt sondaj te endike kèk semèn anvan. Sepandan sondaj yo fè remake se pat tout elektè ki deja deside definitivman pou ki kandida yo pral vote. 38 pou san nan sa ki kapab al vote di yo poko pran yon desizyon fèm e ke yo kapab chanje lide lè yo rive nan biwo vòt la.

Antretan, nan tou 2 kan yo responsab yo ap kalkile konbyen syèj yo pral ranmase ou pèdi nan eleksyon madi a. Joe Gaylord, ansyen estratejis an chèf Newt Gingrich an 1994, ane repibliken yo te rafle kongrè a nan men demokrat yo di: pèdi 14 syèj se yon mirak; pèdi alantou 20 syjèj se yon bon jou e pèdi pliske 30 se yon move jou.

Lit pou Sena a, kote demokrat yo bezwen ranpòte 6 nouvo syèj pou yo gen majorite a, parèt pi difisil pou moun predi sa'k pral pase. Senatè Chuck Schummer, reprezantan eta New York e ki se responsab kanpay pati demokrat la di "mwen santi'm byen e'm genyen kè sote an menm tan''. Mwen pap di nou pral repran Sena a ni mwen pap di non plis ke n' pa pral repran li.

XS
SM
MD
LG