Accessibility links

Breaking News

Yon Antrenè Atletis Ameriken anba Kòd


Atletisme

La justis ameriken akuze ofisyèlman Trevor Graham, antrenè kèk pami meyè atlèt ameriken, ke li te kouche ankwa kont ankèt sou steroyid otorite yo tap men-nen. Otorite yo kenbe 3 chèf dakuzasyon kont Trevor apre li te nan sant yon ankèt sou steroyid otorite te kòmanse sa gen 3 zan. Si la justis jwen Trevor Graham koupab li kapab pase 15 zan nan prizon. Pami atlèt ke Trevor prepare nou jwen Justin Gatlin ki pataje rekò du mond 100 mèt ak jamayiken Asafa Powell. Marion Jones ki ranpòte 5 meday nan je zolenpik Sidne 2000 yo epi Tim Montgomery ki te resevwa yon suspansyon 2 zan malgre li pat teste pozitif pou uzaj anabolizan.

Basketball

Yon lòt̀ vedèt baskètball chinwa kapab vinn jwe nan NBA. Yi Jianlian, ki gen 19 van, jwen pèmisyon nan klub li a pou l antren nan tiraj osò NBA a an 2007. Yi, ki mezure 2 mèt 10, dwe jwen pèmèsyon lig basketball chinwa a ak yon ekzanpsyon akoz règleman yo prevwa basketè chinwa yo pa elijib pou jwe nan NBA a toutotan yo pa gen 22 zan. Fanatik yo ap kapab wè Yi nan Je Azyatik yo kap dewoule mwa pwochen an nan Katar.

Aswè a men kèk rankont nan NBA Milwaukee kont Toronto Raptors Philadelphia 76ers ap fè yon kout pye lakay Orlando Majik. New York Knicks pral lakay Atlanta epi Los Anjeles Lakers ap akeyi Seattle.

Yè swa San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Dallas Mavericks 97 a 91 nan konferans de Lwès la. Franse Tony Parker make 19 pwen nan viktwa a pandajke arjanten Manu Ginobili ajoute 16 pwen epi Tim Duncan make 13 pwen. Alman Dirk Nowitzki make 21 pwen epi Josh make 20 pwen nan defèt la. Nan yon lòt rankont Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa de justès devan Denver Nuggets 96 a 95.

Voleball

Etazuni ak Brezil kalifye pou 2 zièm tou chanpyon du mond volebòl feminen an kap dewoule O Japon. 2 ekip deja ranpòte 3 viktwa 0 defèt nan moman manke 2 match pou premye faz la fini.

Football

Federasyon Football Franse a anonse seleksyon ap jwe yon match amikal chofe jarèt 7 Fevriye 2007 kont Arjantin nan Stad de Frans la ki andeyò vil Pari. Federasyon an anonse 2 seleksyon yo ap jwe yon lòt match amikal nan yon lòt peyi sou kontinan Eropeyen an. Dènye fwa la Frans te jwe yon match ak Arjantin se te an Mas 1986-yon rankont la Frans te ranpòte 2 a 0. Depi 1930 2 sleksyon yo rankontre pandan 8 fwa. Arjanten yo ranpòte 4 viktwa, yo subi yon defèt ak 3 nul. Federasyon football franse anonse li gen yon benefis plis pase 1 milyon dola nan kès li apre 3 zan defisi. Responsab yo di benefis la pa gen anyen pou wè ak lajan yo te ranmase pandan koup du mond FIFA ki sot dewoule an Almay.

Arjantin woule Nijerya 5 a 4 epi Portugal kale Urugwe 5 a 4 nan kad chanpyona du mond football sou plaj FIFA òganize o Brezil. Nan lòt rankont Baren tronse Itali 4 a 2. Zile Salomon yo danse sou Cameroun 5 a 2. Jodi a chanpyon sòtan an la Frans ap rankontre ak Espay pandan ke Brezil pral woule balon fas a Polòy. Gen 16 peyi kap patisipe nan konpetisyon an ane sa a 4 an plis konpare ak ane pase.

Footbalè Brezilyen Ronaldo fè konnen li santi l malere le fè ke li pa jwe pou Real Madrid nan sa ki sanble konfyans antrenè Italyen Fabio Capello pa fè l. Non sèlman Ronaldo gen kèk semen depi li jwe pou Real Madrid men tou antrenè Brezilyen Dunga pa konvoke l nan okazyon match amikal Brezil gen pou jwe kont la Swis 15 Novanm. Adriano kap jwe an Itali pa an fòm tou.

Klub Football Angle Newcastle ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan klub Italyen Palermen. Celta Vigo fè match nul 1 a 1 ak Eintracht Frankfurt. Ajax Amsterdam woule Otrich de Vyèn 3 a 0 nan kad match ki jwe nan Unyon Football Eropeyen an yè Jedi a.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic kalifye pou tounwa tenis Kebek la gras ak 3 kout rakèt li pase ameriken Vania Kings 4-6, 6-1, 6-4 pou l al rankontre ak Rus Olga Poutchkova ki remonte yon defisi avan li kale alman Tanja Ostertag 5-7, 6-1, 6-2.

Ansyen numewo tenis mondyal feminen ameriken Serena Williams ap planifye pou l retounen nan konpetisyon entènasyonal. Serera anonse lap patisipe nan tounwa tenis kap dewoule nan zile Tasmania pou l prepare pou Entènasyono Ostrali a kap kòmanse 15 Janvye 2007.

XS
SM
MD
LG