Accessibility links

Breaking News

A Pati de 2007 se sèl Peyi KONKAKAF yo ap Patisipe nan Koup Dò a.


Football

Responsab yo nan KONKAKAF la anonse a pati de ane 2007 la yo pap envite oken peyi an deyò rejyon an vinn patisipe nan Koup dò KONKAKAF la akoz nivo football la elve. 12 patisipan nan koup Dò 2007 la ap divize: 4 peyi Karayib kap soti nan faz final Koup Digicel la kap dewoule nan Trinidad and Tobago. 5 peyi kap soti nan tounwa Amerik Santral la kap dewoule nan Salvador epi 3 reprezantan Amerik du Nò ki kalifye otomatikman ( Etazuni, Kanada ak Meksik.) Edisyon ane 2007 la ap dewoule soti 6 pou rive 24 Jwen 2007 nan plizyè vil ameriken. Òganizatè yo ap anonse vil yo an mwa sa a

4 klub Eropeyen kalifye pou faz dechoukaj Lig dè chanpyon Eropeyen an. Bayern de Munik kalifye apre match nul 0 a 0 li fè ak Sporting de Lisbòn. Inter de Milan kalifye tou apre viktwa tou mens 1 a0 li ranpòte devan Spartak de Moskou nan group B a. Nan group C a PSV Eindoven woule Galatassaray 2 a 0 pou l pase nan 2 zièm tou a. Liverpool tronse Bordo 3 a 0 pou lkalifye. Valans kalifye tou nan group D a apre match nul 2 a 2 li fè ak Shakthar Donesk. AS Wòm fè match nul 1 a 1 ak Olympiakos.

Situasyon an konplike nan group a kote 3 ekip ap chache youn pami 2 plas yo. Chelsea toujou an premyè pozisyon apre match nul 2 a 2 to fè ak FC Barselòn ki an 3 zièm pozisyon dèyè Werder de Brèm ki ranpòte yon viktwa 3 a 0 devan Levski de Sofia. Jodi a ap gen match nan 4 lòt group. Nan group E a Lyon ap jwe kont Dynamo de Kiev epi REal Madrid kont Steaua de Bucharest Nan Group F la Manchester United ap jwe kont FC Copenhag epi Celtic Glasgow kont Benfica de Lisbòn. Nan group G a CSKA kont Arsenal-2 meyè ekip nan group la. FC Porto kont SV Hambourg. Nan group H la Milan AC espere rete an premyè pozisyon lè lap akeyi Anderlech pandan ke Lille ap jwe an deplasman lakay AEK Athens.

Basketball

Sezon NBA demare ofisyèlman yè swa ak Chikago Bulls ki wouze chanpyon sòtan an Miami Heat 108 a 66--pi move defèt yon chanpyon an tit subi nan istwa NBA a. Los Anjeles Lakers remonte yon defisi 19 pwen pou l kale Phoenix Suns 114 a 116. Ap gen 13 match jodi a-pami yo Cleveland Cavaliers ap akeyi Washington Wizards.

Tennis

Ameriken Vania King ranpòte la viktwa 2-6, 6-3, 6-4 fas a Uzbèk Varvara Lepchenko. Otrichyen Sybille remonte yon defisi pou l kale Belarus Victoria Azarenka 2-6, 6-2, 6-1.

XS
SM
MD
LG