Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Jacques Edouard Alexis Chante Lwanj LONU Pou Asistans Li Bay Peyi a


Nan okazyon Jounen Nasyonzini an, premye minis ayisien an Jacques Edouard Alexis pran la pawòl nan Muzé Panthéon Nasional la madi pou l exprime rekonesans peyi dAyiti pou kontribisyon Oganizasyon nasyonzini an nan efò pou mete stabilite nan peyi a.

Pandanstan, Premye minis Alexis pwofite denonse deklarasyon yon konseye LONU fè nan repiblik dominikèn sou pèp Ayisyen an.

Lidè sivil MINUSTAH a, Edmond Mulet reafime angajman LONU pran pou l travay ansanm ak pèp ayisyen an.

Depi vil Pòtoprens, korespondan nou Rotchild Francois Junior ba nou plis detay.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou madi 24 oktòb 2006 la.

XS
SM
MD
LG