Nan yon ti kozman Prezidan George W. Bush fè ak televizyon ABC li lanse yon nouvo avètisman pou gouvènman kominis Kore di Nò a pa kontinye pousuiv anbisyon nikleyè li yo.
Pandansetan, nan Kongrè ameriken an, de Senatè enpòtan fènnen Etazini ta dwe chita pale fas-pou-fas ak Kore di Nò, sepandan youn ladan yo kwè fòk yon negosyasyon bilateral konsa ta kowòdone ant 4 lòt peyi ki nan chita-tande sou dosye nikleyè Pyongyang nan, anpalan de Larisi, Lachin, Japon, ak Kore di Sid.
Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj nou an.