Accessibility links

Breaking News

Tès Dròg Anpeche Fooballè Eropeyen yo Fè Magouy


Football

Responsab yo nan Unyon Football Eropeyen an anonse tès anti dopaj kapab anpeche footbalè kap jwe sou kontinan Eropeyen an konsome dròg malgre footbalè konsome dròg sosyal. Sou anviwon 1300 tès responsab yo fè ane pase-prèske tout soti negatif eksepte 7--2 jwè teste pozitif pou canabis-2 pou kokayin-2 dròg yo jwen nan medikaman pou asm epi youn pou anabolic steroyid.

Jodi a ap gen 8 lòt rankont nan group A a Werder de Brèm ap rankontre ak Levski Sofia. Chelsea kont Barselòn. Group B a Inter de Milan pral chache premye viktwa l lè lap rankontre ak Spartak de Moskou. Sporting de Lisbòn ap rankontre ak Bayern de Munick. Nan group C a Bordo kont Liverpool. Galatasaray kont PSV Eindhoven. Group D a Valans kont Shakthtar Donetsk epi Olympiakos kont AS Wòm.

Yè swa Klub football Espayòl Real Madrid make 2 gòl nan chak mitan pou bimen Steaua de Boukarès 4 a 1 pou mete l a 6 pwen nan group E Lig dè chanpyon Eropeyen an. Klub franse Lyon toujou nan tèt group ak 9 pwen apre viktwa 3 a 0 li pase Dynamo de Kiev. Manchester United kapab kalifye pou faz dechoukaj la apre swif 3 a 0 li pase FC Compehag nan group F la aloske Celtic Glasgow pat rankontre difikilte pou l woule ak gòl Benfica de Lisbòn 3 a 0. Nan group G a FC Porto ogmante chans pou l kalifye apre viktwa 4 a 1 yo ranpòte devan klub Alman SV Hambourg --viktwa ki mete Porto a â pwen dèyè Arsenal ki pèdu 1 a 0 devan CSKA. Milan AC nan tèt group H la ak 7 pwen gras ak viktwa tou mens yo ranpòte devan Anderlech. Lille klase 2 zièm apre vikrtwa 3 a 1 li ranpòte devan AEK dAtèn. 2 premye nan chak group ak kalifye pou 8 tièm de final la.

Arizona Cardinals revoke asistan antrenè ekip la Keith Rowan apre defèt supriz ekip la subi devan Chikago Bears ki remonte yon defisi 20 pwen pou l ranpòte la viktwa 24 a 23. Baltimore Ravens revoke asistan antrenè a Jim Fassell. An match amikal entènasyonal Haiti fè match nul 0 a 0 ak Kuba nan kad preparatif 2 seleksyon yo ap fèt pou 2 zièm faz eliminatwa Koup Digicèl la--yon konpetisyon kap detèmine reprezantan Karayib la nan koup dò KONKAKAF la. 2 Seleksyon yo ap rankontre demen Jedi a nan vil Kapayisyen.

XS
SM
MD
LG