Sòti Marchand-Dessalines pou rive Montreal an pasan oa New York, ayisyen met`sou pye plizyè aktivite pou make 200 zan anivèsè lanmò premye lidè Ayiti an tan ke peyi lib e endepandan, Jean-Jacques Dessalines.
Prezidan Rene Préval fè yon diskou nan okazyon an kote l lanse apèl an favè fratènite ak egalite nan mitan ayisyen yo. Korespondan nou Galillee Périlus gen detay.
Yon lòt kote, wo Komisè Nasyon Zuni pou dwazumen an Louise Arbour k ap vizite Ayiti depi dimanch, denonse kondisyon detansyon prizonye yo nan vil Gonayiv.
Korespondan nou Alfred Jean gen detay depi Cite endepandans la.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite ann Ayiti pou madi 17 oktòb 2006 la.